Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - GENESIS 5

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    5:1 ¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.

    5:2 Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.

    5:3 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.

    5:4 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:5 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).

    5:6 ¶ Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.

    5:7 Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:8 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).

    5:9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.

    5:10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).

    5:12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.

    5:13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).

    5:15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.

    5:16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).

    5:18 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.

    5:19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).

    5:21 ¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.

    5:22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:23 -

    5:24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.

    5:25 ¶ Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.

    5:26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).

    5:28 ¶ Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.

    5:29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.

    5:30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

    5:31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).

    5:32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar