Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOB 39

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    39:1 ¶ Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?

    39:2 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?

    39:3 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?

    39:4 Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.

    39:5 Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?

    39:6 Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.

    39:7 Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.

    39:8 Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.

    39:9 Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?

    39:10 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo?

    39:11 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?

    39:12 Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?

    39:13 ¶ Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.

    39:14 Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.

    39:15 Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.

    39:16 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,

    39:17 Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.

    39:18 Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'.

    39:19 ¶ Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?

    39:20 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?

    39:21 Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.

    39:22 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.

    39:23 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.

    39:24 Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.

    39:25 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.

    39:26 ¶ Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?

    39:27 Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?

    39:28 Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'.

    39:29 Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.

    39:30 Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar