Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOB 41

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    41:1 ¶ Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?

    41:2 Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen?

    41:3 Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou?

    41:4 Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan?

    41:5 Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'?

    41:6 Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann?

    41:7 Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?

    41:8 Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!

    41:9 Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè.

    41:10 Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.

    41:11 ¶ Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.

    41:12 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'.

    41:13 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li.

    41:14 Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.

    41:15 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.

    41:16 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.

    41:17 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo.

    41:18 Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve.

    41:19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'.

    41:20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife.

    41:21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.

    41:22 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase.

    41:23 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.

    41:24 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen.

    41:25 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè.

    41:26 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen.

    41:27 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.

    41:28 Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li.

    41:29 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li.

    41:30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden.

    41:31 Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè.

    41:32 Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen.

    41:33 Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen.

    41:34 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar