Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOB 9

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    9:1 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:

    9:2 -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?

    9:3 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.

    9:4 Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.

    9:5 Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.

    9:6 Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.

    9:7 Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.

    9:8 Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.

    9:9 Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.

    9:10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.

    9:11 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.

    9:12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?

    9:13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.

    9:14 ¶ Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?

    9:15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.

    9:16 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.

    9:17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.

    9:18 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.

    9:19 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?

    9:20 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.

    9:21 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!

    9:22 ¶ Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.

    9:23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.

    9:24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?

    9:25 ¶ Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.

    9:26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.

    9:27 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,

    9:28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.

    9:29 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?

    9:30 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.

    9:31 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.

    9:32 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.

    9:33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.

    9:34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.

    9:35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar