Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 104

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    104:1 ¶ Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!

    104:2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.

    104:3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.

    104:4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.

    104:5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.

    104:6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.

    104:7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.

    104:8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo.

    104:9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.

    104:10 ¶ Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.

    104:11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.

    104:12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.

    104:13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.

    104:14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,

    104:15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.

    104:16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.

    104:17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.

    104:18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.

    104:19 ¶ Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.

    104:20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.

    104:21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.

    104:22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo.

    104:23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.

    104:24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.

    104:25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.

    104:26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.

    104:27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.

    104:28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.

    104:29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.

    104:30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.

    104:31 ¶ Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.

    104:32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.

    104:33 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.

    104:34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.

    104:35 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar