Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 120

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    120:1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

    120:2 Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

    120:3 Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

    120:4 Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

    120:5 ¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

    120:6 Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

    120:7 Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar