Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 135

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    135:1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a,

    135:2 nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!

    135:3 Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.

    135:4 Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.

    135:5 ¶ Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.

    135:6 Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.

    135:7 Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.

    135:8 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.

    135:9 Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.

    135:10 Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:

    135:11 Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.

    135:12 Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.

    135:13 Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou!

    135:14 Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.

    135:15 ¶ Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.

    135:16 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.

    135:17 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.

    135:18 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

    135:19 Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!

    135:20 Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!

    135:21 Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar