Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 49

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    49:1 ¶ (49:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (49:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,

    49:2 (49:3) gran kou piti, rich kou pòv.

    49:3 (49:4) Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans.

    49:4 (49:5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik.

    49:5 (49:6) Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo?

    49:6 ¶ (49:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,

    49:7 (49:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.

    49:8 (49:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.

    49:9 (49:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?

    49:10 (49:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.

    49:11 (49:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.

    49:12 (49:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.

    49:13 (49:14) Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.

    49:14 (49:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.

    49:15 ¶ (49:16) Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò.

    49:16 (49:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.

    49:17 (49:18) Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.

    49:18 (49:19) Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen,

    49:19 (49:20) yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò.

    49:20 (49:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar