Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1CHRONICLES 12

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    12:1 ś Lč David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sňlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagč a.

    12:2 Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrčs pou voye wňch ak pou tire flčch ni ak men gňch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil.

    12:3 Alatčt yo te gen Akyezč ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyčl ak Pelčt, pitit gason Azmavčt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatňt,

    12:4 Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sňlda yo ak yonn nan chčf yo, Jeremi, Jakazyčl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.

    12:5 Elouzayi, Jerimňt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awňf,

    12:6 Elkana, Jichija, Azariyčl, Joezč ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a.

    12:7 Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedň.

    12:8 Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lč li te nan fň nan dezč a. Se te yon bann vanyan sňlda ki te gen ladrčs nan fč lagč. Yo tout te gen plak pwotčj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mňn.

    12:9 Premye a te rele Ezč, dezyčm lan Obadya, twazyčm lan Eliyab,

    12:10 katriyčm lan Michmana, senkyčm lan Jeremi,

    12:11 sizyčm lan Atayi, setyčm lan Eliyčl,

    12:12 wityčm lan Jokanan, nevyčm lan Elzabad,

    12:13 dizyčm lan Jeremi, onzyčm lan Makbanayi.

    12:14 Mesye branch fanmi Gad yo te chčf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (100) sňlda, pi gran an te vo mil (1000) sňlda.

    12:15 Se yo menm ki te janbe lňt bň larivyč Jouden an yon lč larivyč a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lčfini, yo fč tout moun ki te rete nan fon yo mete deyň, ni sou bň solčy leve, ni sou bň solčy kouche.

    12:16 Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fň kote l' te kache a.

    12:17 David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wč m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fč ankenn mechanste, mwen lapriyč Bondye ak tout kč m'. Bondye zansčt nou yo va wč sa, se li ki va pini nou.

    12:18 Lč sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chčf trant vanyan yo, li di byen fň: -Nou la avč ou, David! Nou kanpe avč ou, pitit Izayi! Kč poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lč sa a, David resevwa yo, li mete yo chčf nan lame li a.

    12:19 Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lč li te mete tčt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lč sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lč gwo chčf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafč a, yo te pran desizyon di l' non mčsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mčt li.

    12:20 Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tčt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayčl, Mikayčl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chčf rejiman mil sňlda laba nan peyi Manase.

    12:21 Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sňlda. Apre sa, yo te gwo chčf nan lame a.

    12:22 Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'.

    12:23 ś Men kantite moun avčk zam pou fč lagč ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmčt li gouvčnman an nan plas Sayil, jan Seyč a te bay lňd la.

    12:24 Nan branch fanmi Jida a, similwisan (6.800) gason avčk plak pwotčj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fč lagč.

    12:25 Nan branch fanmi Simeyon an, sčtmilsan (7.100) vanyan sňlda byen pare pou fč lagč.

    12:26 Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (4.600),

    12:27 plis twamilsčtsan (3.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatčt yo.

    12:28 Te gen Zadňk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lňt chčf nan fanmi li.

    12:29 Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (3.000) gason. Pifň nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avčk Sayil.

    12:30 Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan (20.800) vanyan sňlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo.

    12:31 Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil (18.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotčy la.

    12:32 Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fň nan konnen sa pou pčp Izrayčl la fč ak lč pou yo fč l', desan (200) chčf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kňmandman yo.

    12:33 Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (50.000) sňlda ki konn mache fč lagč avčk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kč yo.

    12:34 Nan branch fanmi Neftali a, mil (1000) chčf ansanm ak trannsčtmil (37.000) gason ak plak pwotčj ak frenn.

    12:35 Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (28.600) sňlda.

    12:36 Nan branch fanmi Asč a, karantmil (40.000) sňlda ki konn mache fč lagč.

    12:37 Lčfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lňt bň larivyč Jouden an te gen sanvenmil (120.000) gason ak tout kalite zam.

    12:38 Tout sňlda sa yo, ki te tou pare pou fč lagč, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kč yo. Yo te soti pou yo te fč l' wa sou tout peyi Izrayčl la. Tout rčs pčp Izrayčl la te vini ak menm lide a tou: fč David wa.

    12:39 Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwč, paske moun Izrayčl parčy yo te pare tout bagay pou yo.

    12:40 Lčfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milčt ak sou bčf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chčch, diven, lwil ak kantite bčf, mouton ak kabrit. Tout pčp Izrayčl la t'ap fč fčt nan tout peyi a.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar