16:1 ś Yo pote Bwat Kontra Seyč a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bčt pou boule nčt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mčsi.
16:2 Lč David fin fč ofrann sa yo, li beni pčp la nan non Seyč a.
16:3 Li separe manje bay tout moun pčp Izrayčl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen.
16:4 David chwazi kčk moun Levi pou reskonsab sčvis y'ap fč devan Bwat Kontra a pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, pou adore l', pou di l' mčsi, pou fč lwanj li.
16:5 Li mete Asaf chčf ak Zakari pou vin apre li. Sou zňd yo te gen Aziyčl, Chemiramňt, Jekiyčl, Matitya, Eliyab, Benaja, Občd-Edon, Jeyčl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fč gwo bri yo.
16:6 Se Benaja ak Jaziyčl, prčt yo, ki te pou kňnen twonpčt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan.
16:7 ś Se lč sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lňt moun Levi yo reskonsablite pou yo fč lwanj Seyč a.
16:8 Lwanj pou Seyč a! Fč konnen jan li gen pouvwa! Fč nasyon yo konnen sa li fč!
16:9 Chante pou li! Fč lwanj li! Rakonte tout bčl bagay li te fč yo.
16:10 Fč kč nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sčvi Seyč a fč fčt.
16:11 Ale jwenn Seyč a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
16:12 -
16:13 Nou menm, pitit pitit Izrayčl, sčvitč Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakňb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bčl bagay li te fč yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li.
16:14 Seyč a, se Bondye nou li ye. Lč li pase yon lňd, se pou tout latč.
16:15 Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomčs li pou tout tan tout tan.
16:16 Se kontra li te fč ak Abraram lan, sčman li te fč bay Izarak la.
16:17 Sa li te pwomčt Abraram lan, li fč l' tounen yon lwa pou pitit Jakňb yo, yon kontra ak pčp Izrayčl la pou tout tan.
16:18 Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pňsyon pa ou nan byen m' yo.
16:19 Lč sa a, pčp Bondye a pa t' anpil. Yo te sčlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
16:20 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lňt.
16:21 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutčt yo.
16:22 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fč pwofčt mwen yo anyen.
16:23 Nou tout ki rete sou latč, chante pou Seyč a! Chak jou, fč konnen jan li delivre nou.
16:24 Fč nasyon yo konnen pouvwa li. Fč tout pčp yo konnen bčl bagay li fč yo.
16:25 Seyč a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fč lwanj li vre. Se pou tout moun pč l' pi plis pase lňt bondye yo.
16:26 Bondye lňt nasyon yo pa anyen, se pňtre yo ye. Men, se Seyč a ki fč syčl la.
16:27 Devan li, se respč, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kč kontan kote l' ye lakay li a.
16:28 Nou tout pčp ki sou latč, fč lwanj Seyč a! Fč lwanj Seyč a pou pouvwa ak fňs li genyen!
16:29 Fč lwanj Seyč a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bčl kay ki apa pou li a!
16:30 Nou tout ki sou latč, tranble devan li. Latč kanpe fčm, anyen pa ka brannen l'.
16:31 Se pou syčl la kontan, se pou latč a fč fčt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyč a ki sčl wa.
16:32 Se pou lanmč a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fč bri sitčlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fč fčt.
16:33 Lč Seyč a parčt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitčlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latč.
16:34 Lwanj pou Seyč a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.
16:35 Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fč nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mčsi pou tout bagay ou menm sčl ka fč, pou nou ka kontan lč n'ap fč lwanj ou.
16:36 Ann fč lwanj Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la! Ann fč lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pčp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyč a!
16:37 ś Lčfini, David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avč l' yo devan Bwat Kontra Seyč a pou yo toujou reskonsab tout sčvis ki pou fčt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fč sčvis yo la chak jou san rete.
16:38 Občd-Edon ak swasantwit lňt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Občd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pňtay yo.
16:39 Men David kite Zadňk, prčt la, ak moun Levi menm fanmi avč l' yo ki te prčt tou devan Tant Seyč a, nan kote yo te mete apa pou Seyč a lavil Gabawon.
16:40 Chak maten, chak aswč, se yo ki pou boule bčt yo ofri bay Seyč a nčt sou lotčl ki fčt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyč a te bay pčp Izrayčl la.
16:41 Te gen avčk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lňt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyč a paske li p'ap janm sispann renmen nou.
16:42 Eyman ak Jedoutoun te gen twonpčt, senbal ki fč gwo bri yo ak lňt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fč lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pňtay yo.