26:1 ś Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sčvi tankou gad nan pňtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf.
26:2 Mechelemya te gen sčt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayčl dezyčm lan, Zebadya twazyčm lan, Jatniyčl katriyčm lan.
26:3 Elam senkyčm lan, Joanan sizyčm lan ak Elioenayi setyčm lan.
26:4 Te gen Občd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyčm lan, Joa twazyčm lan, Saka katriyčm lan, Netaneyčl senkyčm lan.
26:5 Amiyčl sizyčm lan, Isaka setyčm lan ak Peoultayi wityčm lan.
26:6 Chemaja, premye pitit Občd-Edon an, te gen sis pitit gason: Se yo ki te chčf nan branch fanmi yo paske yo te vanyan sňlda ak anpil ladrčs.
26:7 Men non pitit Chemaja yo: Otni, Refayčl, Občd, Elzabad, Eliyou ak Semakya. De dčnye yo te vanyan sňlda.
26:8 Se tout fanmi Občd-Edon an sa ansanm ak pitit yo ak frč yo. Yo tout te vanyan sňlda ak anpil ladrčs pou fč travay yo. Te gen swasannde moun antou nan fanmi Občd-Edon an.
26:9 Nan fanmi Mechelemya a, te gen antou dizwit gason, tout vanyan sňlda.
26:10 Nan branch fanmi Merari a te gen Oza ki te gen kat pitit gason: Se te Chimri ki te chčf fanmi an. Se pa li ki te premye pitit gason, men se papa l' ki te mete l' chčf fanmi an.
26:11 Ilkija dezyčm lan, Tebalya twazyčm lan, Zakari katriyčm lan. Sa te fč antou trčz frč ak pitit gason nan fanmi Oza a.
26:12 Travay gwoup moun sa yo se fč pňs nan pňtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sčvis Tanp lan, tankou yo te fč l' pou lňt moun Levi yo.
26:13 Chak fanmi, gwo kou piti, piye pou yo konnen nan ki pňtay y'ap fč travay yo.
26:14 Chelemya soti pou pňtay ki bay sou solčy leve a. Pňtay nň a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsčy.
26:15 Pňtay sid la soti pou Občd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo.
26:16 Pňtay solčy kouche a ak pňtay Chalechčt ki bay sou chemen ki moute a te sou kont Choupim ak Oza. Chak faksyonnč, yonn apre lňt, te gen lč sčvis pa yo.
26:17 Chak jou, te gen sis gad pou pňtay bň solčy leve a, kat gad pou pňtay nň a, kat gad pou pňtay sid la ak de gad pou chak depo yo.
26:18 Pou pňsyon kay ki bay sou solčy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pňsyon kay la menm.
26:19 Men travay yo te bay moun fanmi Kore yo ak moun fanmi Merari yo.
26:20 ś Gen lňt moun Levi yo te mete reskonsab trezň Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.
26:21 Layedan, yonn nan pitit Gčchon yo, te zansčt anpil fanmi. Yonn ladan yo te fanmi Jekiyčl yo.
26:22 Pitit Jekiyčl yo ak pitit frč l' yo, Zetam ak Jočl, te reskonsab trezň Tanp Seyč a.
26:23 Yo te bay pitit Amram yo, pitit Isa yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyčl yo travay pa yo tou.
26:24 Chebwčl, yonn nan fanmi Gčchňm, pitit gason Moyiz la, te premye reskonsab trezň Tanp lan.
26:25 Sou bň Elyezč, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezč a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit.
26:26 Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chčf fanmi yo, kňmandan rejiman mil sňlda yo, kňmandan divizyon san sňlda yo ak tout lňt gwo chčf nan lame a te mete apa pou Seyč a.
26:27 Nan bagay yo te pran nan lagč, yo te mete kčk ladan yo apa pou fč Tanp lan pi bčl.
26:28 Te gen bagay Samyčl, pwofčt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnč, pitit Nč a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sčvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo.
26:29 ś Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fčt an deyň Tanp lan pou pčp Izrayčl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal.
26:30 Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsčtsan (1700) vanyan gason ki te reskonsab enspekte zňn peyi Izrayčl ki te sou bň solčy kouche larivyč Jouden an, pou wč si tout bagay ki gen rapň ak sčvis Seyč a ansanm ak zafč wa a t'ap mache byen.
26:31 David te gen karantan depi li te wa, lč yo mennen yon ankčt nan branch fanmi Ebwon an. Lč sa a, yo jwenn te gen anpil vanyan sňlda nan fanmi sa a ki t'ap viv lavil Jazč nan zňn Galarad. Chčf fanmi Ebwon an te rele Jerija.