Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1CHRONICLES 4

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    4:1 ś Men non lňt pitit gason Jida te gen: Perčz, Ezwon, Kami, Our ak Chobal.

    4:2 Chobal te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansčt moun ki rete lavil Zora.

    4:3 Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyčl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelčl-poni.

    4:4 Penwčl, yon lňt pitit Our, te papa Gedň. Ezč, yon lňt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madan Kalčb. Se branch fanmi l' lan ki te bati lavil Betleyčm.

    4:5 Achou, ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara.

    4:6 Nara te fč kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efč, Temeni ak Ayachtari.

    4:7 Ela te fč twa pitit gason pou li: Zerčt, Soa ak Etnan.

    4:8 Kňz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansčt tout branch fanmi Arčl, pitit gason Awoum.

    4:9 Te gen yon moun yo te rele Jabez. Nan tout fanmi l', se li menm yo te pi respekte. Manman l' te rele l' konsa, paske li te soufri anpil lč li t'ap fč l'.

    4:10 Men Jabčz te lapriyč Bondye pčp Izrayčl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tč. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malč rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.

    4:11 ś Keloub, frč Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton.

    4:12 Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka.

    4:13 Kenaz te gen de pitit gason: Otnyčl ak Seraja. Otnyčl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi.

    4:14 Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansčt moun ki rete nan fon Bňs Atizan yo. Tout moun sa yo te bňs nan metye yo.

    4:15 Kalčb, pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tčt pa l': Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz.

    4:16 Jealelčl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyčl.

    4:17 -

    4:18 Esdras te gen kat pitit gason: Jetč, Merčd, Efč ak Jalou. Merčd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fč yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merčd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerčd, papa Gedň, Ebč, papa Soko, ak Jekoutiyčl, papa Zanoa.

    4:19 Odija marye ak sč Naam lan. Se pitit yo ki zansčt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa.

    4:20 Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzočt.

    4:21 Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fč bon twal fin nan lavil Bčtachbea yo.

    4:22 Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Moab, lčfini yo tounen vin rete lavil Betleyčm, dapre sa moun lontan yo ap repete.

    4:23 Se moun ki te konn fč veso an tč. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a.

    4:24 ś Simeyon te gen senk pitit gason: Nemwčl, Jamen, Jarib, Zera ak Sayil.

    4:25 Sayil te papa Chaloum, Chaloum te papa Mibsam, Mibsam te papa Michma,

    4:26 Michma te papa Amwčl, Amwčl te papa Zakou, Zakou te papa Chimeyi.

    4:27 Chimeyi te gen sčz pitit gason ak sis pitit fi. Men lňt frč l' yo pa t' fč anpil pitit. Se konsa branch fanmi Simeyon an pa t' rive gen menm kantite moun ak branch fanmi Jida a.

    4:28 Rive sou rčy wa David, moun branch fanmi Simeyon yo te rete nan lavil sa yo: Becheba, Molada, Azachwal,

    4:29 Bila, Ezčm, Tolad,

    4:30 Betwčl, Oma, Zikla,

    4:31 Bčtmakabňt, Azasousim, Bčtbireyi ak Charayim.

    4:32 Yo te rete nan senk lňt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan,

    4:33 ak tout ti bouk ki nan vwazinaj yo, rive lavil Balat, nan direksyon sid. Tou sa se kote yo t'ap viv ak liv rejis fanmi yo.

    4:34 -

    4:35 Men moun ki te chčf branch fanmi Simeyon yo: Mechobab, Jamlčk, Jocha, pitit gason Amazya, ak Jočl, Jeou, pitit gason Jozibyas ki te pitit Seraja, pitit pitit Asiyčl,

    4:36 Elioenayi, Jakoba, Jekoaja, Asaya, Adyčl, Jezimyčl, Benaja,

    4:37 Ziza, pitit gason Chifi, ki te pitit gason Alon. Alon sa a te pitit Jedaja. Jedaja menm te pitit Chimri ki te pitit Chemaja.

    4:38 Tout moun nou sot nonmen la yo te chčf nan fanmi yo. Branch fanmi an t'ap peple toujou.

    4:39 Y' al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedň, sou bň solčy leve nan fon kote lavil la ye a.

    4:40 La, yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pa t' gen bri ni dezňd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan.

    4:41 Sou rčy Ezekyas, wa peyi Jida, moun nou sot bay non yo la a rive lavil Gedň, yo touye moun fanmi Kam yo nčt tankou yon ofrann pou Bondye. Yo detwi tout lavil la ak ti joupa moun yo. Yo pran plas moun yo nan peyi a, paske te gen anpil bon patiraj pou mouton ak kabrit yo.

    4:42 Senksan (500) lňt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mňn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chčf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyčl.

    4:43 Lč yo rive, yo touye rčs moun Amalčk yo. Depi lč sa a se la yo rete jouk jounen jňdi a.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar