5:1 ś Toupatou y'ap fč kouri bri jan gen dezňd lachč k'ap fčt nan mitan nou. Dezňd la sitčlman wňd, ata moun lňt nasyon yo pa ta fč bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.
5:2 Apre sa, ki jan nou ka fč gen lňgčy ankň? Okontrč, se bagay ki pou ta fč nou kriye anpil. Epi, nonm ki fč bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou.
5:3 Mwen menm, mwen pa la avčk nou nan kň m', men mwen la nan lespri m'. Pou tčt pa m', nan non Jezikri, Seyč a, mwen deja jije nonm ki fč kalite vye bagay lčd sa a, tankou si m' te la avčk nou.
5:4 Lč n'a reyini ansanm, m'a la tou avčk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyč nou an.
5:5 Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kň l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lč jou Seyč a va rive.
5:6 Nanpwen anyen la a pou n'ap fč grandizč! Nou konn pawňl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fč tout pa t' la leve.
5:7 ś Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lňt kalite moun. Lč sa a, n'a tankou yon pa t' ki fčk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lč fčt la.
5:8 Se pa pou n' fete fčt la avčk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avčk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sčvi Bondye ak tout kč yo.
5:9 ś Nan lčt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.
5:10 Lč sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latč k'ap viv nan dezňd lachč, ki gen lanvi plen kč yo, k'ap vňlň osinon k'ap sčvi zidňl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tč a nčt.
5:11 Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frč nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezňd, ki gen lanvi plen kč l', k'ap sčvi zidňl, k'ap pale moun mal, ki tafyatč, osinon ki vňlň. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.
5:12 Zafč moun deyň pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.