10:1 ś Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sčvi yon lwanj pou Seyč a. Li vwayaje pou lavil Jerizalčm pou l' sonde konesans Salomon avčk kčk keksyon difisil.
10:2 Se konsa, li rive lavil Jerizalčm avčk yon pakčt moun ak anpil chamo chaje fčy santi bon, bčl pyč koute chč ak kantite lň. Lč li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fč lide mande l'.
10:3 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twň difisil ni pou li reponn ni pou li esplike.
10:4 Larenn peyi Saba a wč jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wč palč li te bati a.
10:5 Li wč kalite manje yo te sčvi sou tab li ak kay li te fč bati pou chčf li yo, jan li te ňganize moun k'ap travay nan palč a, rad inifňm yo te genyen, domestik ki t'ap sčvi l' bweson, ak bčt li te ofri pou boule nčt pou Seyč a nan Tanp lan. Lč li wč tou sa, li pčdi lapawňl tčlman li te sezi.
10:6 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
10:7 Men, mwen pa t' vle kwč toutotan mwen pa t' vini wč ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wč a. Bon konprann ou ak richčs ou pi plis pase sa yo te di m' lan.
10:8 Ala bčl chans madanm ou yo genyen! Ala bčl chans moun k'ap travay avč ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawňl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
10:9 Lwanj pou Seyč a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avč ou. Li mete ou wa peyi Izrayčl la. Li menm ki renmen peyi Izrayčl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lňd, nan bon chemen san patipri.
10:10 Larenn lan fč wa a kado senk tňn lň ak kantite fčy santi bon ak anpil pyč koute chč. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fčy santi bon larenn Saba te ba li lč sa a.
10:11 Batiman Iram yo ki te al chache lň nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bčl pyč koute chč.
10:12 Salomon sčvi ak bwa koray la pou fč balistrad nan tanp lan ak nan palč a. Li fč gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fč antre nan peyi Izrayčl. Depi lč sa a yo pa janm wč sa ankň.
10:13 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lňt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avč l' yo.
10:14 ś Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tňn lň,
10:15 san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fč trafik, nan men moun k'ap fč komčs, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvčnč pčp Izrayčl yo.
10:16 Salomon te fč fč desan (200) gwo plak pwotčj an fč. Lčfini, li fč kouvri yo chak ak yon kouch lň ki peze kenz liv.
10:17 Li fč fč tou twasan ti plak pwotčj an fč, li fč kouvri yo chak ak yon kouch lň ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotčj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an.
10:18 Li fč fč yon gwo fotčy ak kňn elefan. Li fč kouvri l' ak pi bon kalite lň ki genyen.
10:19 Pou rive bň fotčy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dčyč fotčy la te gen pňtre yon gwo tčt towo. Sou kote manch yo sou chak bň, te gen pňtre yon lyon.
10:20 Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lňt peyi ki te gen fotčy pou w'a parčy ak fotčy sa a.
10:21 Tout gode wa Salomon te sčvi pou l' bwč te fčt an lň. Tout bagay ki te sčvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fčt ak bon lň. Yo pa t' sčvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.
10:22 Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmč ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lň, ajan, kňn elefan, pan ak makak.
10:23 Wa Salomon te pi rich pase tout lňt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
10:24 Tout moun toupatou te vle vin wč l' pou tande pawňl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
10:25 Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fčt an ajan ak an lň, rad, zam, fčy santi bon, chwal ak milčt. Chak lanne se te konsa.
10:26 Salomon te sanble mil katsan (1.400) cha lagč ak douzmil (12.000) chwal pou sňlda kavalye yo. Li mete yon pňsyon ladan yo nan lavil li te fč bati tout espre pou yo. Rčs yo, li mete yo bň kote l' lavil Jerizalčm.
10:27 Pandan tout rčy wa a, ajan te tankou wňch lavil Jerizalčm. Bwa sčd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomň nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.
10:28 Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la.