Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1KINGS 2

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    2:1 ś Lč David santi li pral mouri, li rele Salomon, pitit gason l' lan, li ba li dčnye volonte l'. Li di l' konsa:

    2:2 -Talč konsa mwen pral fč dčnye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latč. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!

    2:3 Se pou ou fč tou sa Seyč a, Bondye ou la, va ba ou lňd fč. W'a fč volonte Bondye, w'a mache dapre lňd, kňmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafč ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fč.

    2:4 Si ou fč sa, Seyč a va kenbe pwomčs li te fč a lč l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kč yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvčnen pčp Izrayčl la apre mwen.

    2:5 Koulye a, ou konnen sa Joab, pitit gason Sewouya a, te fč m' lč li te touye de jeneral lame pčp Izrayčl la: Abnč, pitit gason Nč a, ak Amasa, pitit gason Jetč a. Ou chonje jan lč sa a pa t' gen lagč. Li touye yo pou l' te ka tire revanj pou moun mesye sa yo te touye pandan lagč. Li touye de inonsan, kifč jouk jounen jňdi a m'ap pote chaj la pou li, m'ap peye konsekans sa li te fč a.

    2:6 Ou konnen sa ou gen pou fč. Pa kite se vyeyčs ki touye l'.

    2:7 W'a aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. y'a manje sou tab avč ou, paske yo te aji byen avč m' lč mwen t'ap kouri pou Absalon, frč ou la.

    2:8 Ou gen ankň bň kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pňsyon tč branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lč m' t'ap tounen, li vin kontre m' bň larivyč Jouden. Jou sa a, mwen te fč sčman nan non Seyč a mwen p'ap fč yo touye l'.

    2:9 Men ou menm, pa padonnen l' sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fč avč l'. Jwenn yon jan pou fč yo touye l' atout li fin vye granmoun lan.

    2:10 Lč David mouri yo antere l' nan lavil David la.

    2:11 Li pase karantan ap gouvčnen pčp Izrayčl la: Pandan sčtan li te rete lavil Ebwon. Pandan rčs tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalčm.

    2:12 ś Salomon, pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvčnman li te byen chita.

    2:13 Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wč Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l': -Se yon vizit zanmi ou vin fč m' la a? Adonija reponn: -Se sa menm!

    2:14 Apre sa, li di l': -Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou! Batcheba di l': -Kisa l' ye?

    2:15 Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lčfini, se sa tout pčp Izrayčl la t'ap tann. Men, sa pase yon lňt jan. Se frč m' lan ki wa koulye a paske se Seyč a ki vle l' konsa.

    2:16 Bon, yon sčl favč m'ap mande ou. Pa refize m' li.

    2:17 Batcheba di l': -Pale non! Adonija reponn: -Tanpri, al mande wa Salomon pou l' ban mwen Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm mwen. Mwen konnen li p'ap refize ou sa.

    2:18 Batcheba reponn: -Bon, dakň! m'a pale ak wa a pou ou!

    2:19 Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe pou l' resevwa manman l'. Li bese byen ba devan l' pou di l' bonjou. Apre sa, l' al chita sou fotčy li, epi li bay lňd pou yo pote yon lňt fotčy pou manman l' chita bň dwat li.

    2:20 Batcheba di konsa: -Mwen ta renmen mande yon ti favč. Tanpri, pa refize m' sa. W'a reponn: -Manman, mande m' sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li.

    2:21 Batcheba di l': -Kite Adonija, frč ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li.

    2:22 Wa a reponn manman li, li di li: -Poukisa w'ap mande m' pou m' bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mčt tou mande m' pou m' ba li plas wa a tou, se gran frč m' li ye. Lčfini, li gen Abyata, prčt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avč l'.

    2:23 Apre sa Salomon fč sčman sa a devan Seyč a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fč Adonija peye pou sa l' mande m' la a!

    2:24 Seyč a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fotčy David, papa m' lan. Li kenbe pwomčs li, li mete m' chčf. Lčfini, li di se pitit mwen ki pou chčf apre m'. Mwen fč sčman nan non Seyč a, se pou Adonija mouri jňdi a menm.

    2:25 Se konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lňd pou l' al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija.

    2:26 ś Apre sa, wa a pale ak Abyata, prčt la, li di l' konsa. -Ale fč wout ou Anatňt, lakay ou. Ou merite lanmň tou. Men, jňdi a mwen p'ap fč yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Seyč a devan David, papa m'. Lčfini, ou te soufri ansanm avč l'.

    2:27 Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sčvi tankou prčt Seyč a. Se konsa, sa Seyč a te di lavil Silo sou Eli, prčt la, ak sou pitit li yo, rive vre.

    2:28 Lč Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kňn lotčl la pou yo pa touye l'. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pa t' janm pran pozisyon pou Absalon.

    2:29 Y' al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bň lotčl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab.

    2:30 Benaja ale nan Tant Randevou a, li di Joab konsa: -Wa a bay lňd pou ou soti la a. Joab reponn: -Non. Se isit la m'ap mouri. Benaja tounen al jwenn wa a, li rapňte l' repons Joab te ba li a.

    2:31 Wa a reponn: -Fč jan li di ou la. Touye l', lčfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyčs lňt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fč lč li te touye de inonsan yo.

    2:32 Seyč a pral pini Joab pou krim sa yo li te fč san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnč, pitit pitit gason Nč a, kňmandan lame peyi Izrayčl la ak Amasa, pitit gason Jetč a, kňmandan lame peyi Jida a.

    2:33 Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyč a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kč poze.

    2:34 Se konsa, Benaja tounen nan Tant Randevou a, li touye Joab. Yo antere Joab lakay li nan dezč a.

    2:35 ś Apre sa, wa a mete Benaja kňmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadňk, prčt la, nan plas Abyata.

    2:36 Apre sa, wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Bati yon kay pou ou isit nan lavil Jerizalčm. Se la mwen vle ou rete. Piga ou janm kite lavil la.

    2:37 Mwen tou pale ou, jou ou soti kite lavil la, jou ou janbe lňt bň ravin Sedwon an, w'ap mouri wi. Mwen ki di ou sa. Se ou menm ki va reskonsab nenpňt sa ki va rive ou.

    2:38 Chimeyi reponn: -Dakň, monwa. m'a fč sa ou di a. Se konsa Chimeyi rete lontan lavil Jerizalčm.

    2:39 Twazan apre sa, de nan esklav Chimeyi yo sove, y' al lakay Akich, pitit gason Maka a, ki te wa lavil Gat. Yo vin di Chimeyi esklav li yo te lavil Gat.

    2:40 Chimeyi leve, li sele bourik li, l' al chache esklav li yo lakay Akich lavil Gat. Apre sa, li tounen lakay li ansanm ak esklav li yo.

    2:41 Yo fč Salomon konnen Chimeyi te soti lavil Jerizalčm ale lavil Gat epi li tounen.

    2:42 Wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Mwen te kwč m' te fč ou pwomčt devan Seyč a pou ou pa janm kite lavil Jerizalčm? Mwen te tou pale ou. Jou w'a soti lavil Jerizalčm pou ale nenpňt ki kote, w'ap mouri. Eske ou pa t' reponn mwen ou te dakň avč m', ou t'ap fč tou sa mwen mande ou la?

    2:43 Poukisa atň ou pa kenbe pwomčs ou te fč devan Seyč a? Poukisa ou dezobeyi m'?

    2:44 Ou konnen byen pwňp tou sa ou te fč David, papa m'. Seyč a pral pini ou pou sa.

    2:45 Men, l'ap beni m', mwen menm Salomon. L'ap fč gouvčnman fanmi David la chita pou tout tan.

    2:46 Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lňd. Benaja soti, l' al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lč sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar