Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1KINGS 21

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    21:1 ś Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyčl, toupre palč wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabňt.

    21:2 Yon jou, wa Akab di Nabňt konsa: -Ban m' jaden rezen ou lan pou m' ka fč yon jaden legim. Li toupre kay mwen. m'a ba ou yon lňt jaden rezen ki pi bon pase sa a. Osinon si ou pito, m'a ba ou yon bon pri pou li.

    21:3 Men, Nabňt reponn Akab: -Se tč eritaj li ye. Dapre lalwa Seyč a, mwen pa gen dwa vann ou li.

    21:4 Akab al lakay li men li byen mare. Li te fache poutčt Nabňt te di l' li p'ap vann byen eritaj li a. Li moute kabann, li kouche, li bay figi l' nan panno, li derefize manje.

    21:5 ś Jezabčl, madanm li, vin bň kote l'. Li mande l': -Sa ou genyen ou move konsa? Poukisa ou pa manje?

    21:6 Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabňt, nonm Jizreyčl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lňt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan.

    21:7 Jezabčl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayčl la ankň? Leve non, monchč! Manje manje ou, fč kč ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabňt la.

    21:8 Jezabčl ekri kčk lčt, li siyen non Akab anba yo, li sele yo ak so wa a, epi li voye yo bay chčf fanmi ak otorite ki rete lavil Jizreyčl menm kote ak Nabňt.

    21:9 Men sa li voye di yo nan lčt yo: Sanble tout moun pou yon sčvis jčn. Mande Nabňt pou li dirije sčvis la.

    21:10 Lčfini, jwenn de vakabon, fč yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyč a ansanm ak wa a. Lč sa a, n'a pran Nabňt, n'a trennen l' andeyň limit lavil la, n'a kalonnen l' wňch jouk li mouri.

    21:11 Chčf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyčl yo fč tou sa Jezabčl ba yo lňd fč nan lčt yo.

    21:12 Yo fč konnen yo pral fč sčvis jčn. Yo fč tout pčp la sanble, yo mete Nabňt devan pou dirije sčvis la.

    21:13 De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabňt, yo akize msye devan tout pčp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabňt, yo mennen l' andeyň limit lavil la, yo kalonnen li wňch jouk li mouri.

    21:14 Apre sa, yo voye di Jezabčl: -Nou kalonnen Nabňt wňch, li mouri.

    21:15 Resevwa Jezabčl resevwa nouvčl lanmň Nabňt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabňt, nonm lavil Jizreyčl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabňt pa nan moun isit ankň, li mouri.

    21:16 Lč wa Akab tande Nabňt, nonm lavil Jizreyčl la, te mouri, l' ale, li pran jaden rezen an pou li.

    21:17 ś Lč sa a, Seyč a pale ak Eli, pwofčt lavil Tichbe a, li di l' konsa:

    21:18 -Al jwenn wa Akab nan peyi Samari. W'ap jwenn li koulye a nan jaden rezen Nabňt la. Li vin pran l' pou li.

    21:19 W'a di li men mesaj Seyč a voye ba li: Ou fin touye Nabňt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankň men sa Seyč a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabňt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.

    21:20 Lč Akab wč Eli, li di l' konsa: -Enben, lčnmi mwen, ou jwenn mwen jňdi a! Eli reponn, li di l': -Wč! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fč devan Seyč a.

    21:21 Men mesaj Seyč a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malč sou ou. Mwen pral disparčt ou. Mwen pral touye dčnye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou.

    21:22 Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fč sa paske ou fč m' fache anpil, lčfini se ou ki lakňz pčp Izrayčl la ap fč sa ki mal.

    21:23 Men sa Seyč a di sou Jezabčl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyčl.

    21:24 Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyň limit lavil la.

    21:25 Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kň l' nčt nan fč sa ki mal devan Seyč a. Li te kite madanm li, Jezabčl, pran tčt li.

    21:26 Li te fč bagay ki lčd nčt, l' al fč sčvis pou vye zidňl tankou moun Amori yo te fč l' la. Se moun Amori sa yo Seyč a te mete deyň nan peyi a pou fč plas pou moun Izrayčl yo.

    21:27 Lč Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dňmi li dňmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.

    21:28 Apre sa, Seyč a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa:

    21:29 -Ou wč jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fč sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malč a sou fanmi li. Se va pandan rčy pitit gason l' lan m'a voye malč sou fanmi l'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar