6:1 ś Lč sa a te gen katsankatreven (480) lanne depi pčp Izrayčl la te soti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvčnen pčp Izrayčl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyčm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Seyč a.
6:2 Kay wa Salomon bati pou Seyč a te gen katrevendis pye longč, trant pye lajč ak karantsenk pye wotč.
6:3 Premye pyčs devan an te gen kenz pye longč, trant pye lajč. Li te menm lajč ak kay la.
6:4 Miray tanp lan te gen fennčt ak griyaj bare yo.
6:5 Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dčyč Tanp lan ak pyčs dčyč a, li fč bati twa ran pyčs, yonn sou lňt. Chak etaj te gen sčt pye edmi wotč.
6:6 Chak pyčs nan dčnye etaj anba a te gen sčt pye edmi lajč. Pyčs nan etaj mitan an te gen nčf pye lajč ak pyčs nan etaj anwo nčt la te gen dis pye edmi. Miray tanp lan menm te pi laj anba pase anwo. Konsa, gwo travčs plafon yo te chita sou miray yo san yo pa t' bezwen fouye twou ladan yo.
6:7 Wňch yo te sčvi pou bati Tanp lan te pare depi nan min wňch kote yo te jwenn yo a. Konsa, pandan yo t'ap bati Tanp lan pa t' gen ankenn bri mato, bri sizo, ni bri ankenn zouti fč.
6:8 Pňt pou antre nan premye chanm anba yo te bay sou bň sid Tanp lan. Te gen eskalye pou moute nan premye ak nan dezyčm etaj yo.
6:9 Lč Salomon fin bati Tanp lan, li mete yon plafon fčt ak travčs ak planch sčd.
6:10 Li bati pyčs chanm yo tout arebň tanp lan. Chak etaj te gen sčt pye edmi wotč. Yo te kole kole ak miray kay la. Yo te mare sou miray la ak travčs sčd.
6:11 ś Seyč a pale ak Salomon, li di l' konsa:
6:12 -Lč w'a fin bati tanp lan, si ou mache dapre lňd mwen, si ou fč sa m' di ou fč, si ou kenbe tout kňmandman mwen yo, m'a fč pou ou tou sa mwen te pwomčt David, papa ou.
6:13 M'ap rete nan mitan peyi Izrayčl la, mwen p'ap janm lage yo.
6:14 Se konsa Salomon fin bati Tanp lan.
6:15 ś Tout miray yo te plake sou anndan ak planch sčd depi planche a rive nan plafon an. Planche a te fčt ak bwa pichpen.
6:16 Li bati sou dčyč tanp lan yon gwo pyčs li rele Pyčs ki apa nčt pou Seyč a. Pyčs la te gen trant pye longč. Panno pyčs la fčt ak planch sčd ki soti depi atč rive nan plafon an.
6:17 Pati tanp lan ki te devan pyčs ki apa nčt pou Seyč a te gen swasant pye longč.
6:18 Sou anndan, tout miray tanp lan te kouvri ak planch sčd, ou pa t' ka wč yon wňch. Planch sčd yo te travay ak desen flč ak ti kalbas sou tout kň yo.
6:19 Anndan Tanp lan, sou dčyč, li bati yon pyčs apa pou Seyč a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyč a.
6:20 Pyčs la te gen trant pye longč, trant pye lajč ak trant pye wotč. Li te kouvri nčt ak lň. Sou devan pyčs la yo bati yon lotčl ak bwa sčd, lčfini yo te kouvri li nčt ak lň.
6:21 Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lň. Pyčs apa nčt pou Seyč a te kouvri ak lň tou. Yo fč chenn lň pou fčmen pňt pyčs ki apa pou Seyč a.
6:22 Konsa, tout anndan Tanp lan nčt ansanm ak lotčl ki te devan pyčs ki apa pou Seyč a te kouvri nčt ak lň.
6:23 Apre sa, li fč fč de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyčs ki apa nčt pou Seyč a. Chak estati te gen kenz pye wotč.
6:24 Chak zčl te mezire sčt pye edmi longč. Konsa, depi pwent yon zčl rive nan pwent lňt zčl la te gen kenz pye.
6:25 Tou de estati yo te gen menm fňm, menm gwosč.
6:26 Tou de te menm wotč, yo te gen kenz pye wotč.
6:27 Salomon fč mete de estati yo anndan pyčs ki apa pou Seyč a, kňtakňt, ak zčl yo louvri pou pwent zčl anndan yo touche yonn ak lňt nan mitan pyčs la, de pwent zčl deyň yo touche ak de miray sou kote yo.
6:28 De estati ak zčl yo te kouvri nčt ak lň.
6:29 Sou tout miray anndan tanp lan te gen pňtre zanj cheriben, pňtre pye palmis ak pňtre flč yo te travay nan bwa a.
6:30 Menm planche a te kouvri ak lň anndan kou deyň.
6:31 Salomon fč mete yon pňt de batan fčt ak bwa oliv pou fčmen pyčs apa pou Seyč a. Lento pňt la ak de montan yo te pran yon senkyčm nan ouvčti pňt la.
6:32 Batan pňt yo te dekore ak pňtre zanj cheriben, pye palmis ak flč yo te travay nan bwa a. Tout pňt la ansanm ak pňtre yo te kouvri nčt ak lň.
6:33 Pňt pyčs mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fčt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvčti pňt la.
6:34 Pňt la menm te fčt an pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bň ki ka fčmen yonn sou lňt.
6:35 Batan pňt yo te dekore ak pňtre zanj cheriben, pye palmis ak flč yo te travay sou bwa a. Tout pňt la ansanm ak pňtre yo te kouvri nčt ak lň.
6:36 Li fč bati yon lakou fčmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fčt ak yon ranje madriye sčd pou chak twa ranje wňch yonn sou lňt.
6:37 Se nan katriyčm lanne rčy Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Seyč a.