13:1 ś Sayil te majč lč yo te fč l' wa. Li pase kčk tan ap gouvčnen pčp Izrayčl la.
13:2 Sayil chwazi twamil (3000) gason nan pčp Izrayčl la, epi li voye tout rčs yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fč yo rete avč l' lavil Mikmas ak nan mňn Betčl la. Lňt mil yo te avčk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.
13:3 Jonatan touye chčf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kňnen twonpčt nan tout peyi a pou avčti pčp ebre a.
13:4 Nouvčl la gaye nan tout pčp Izrayčl la: Sayil te touye chčf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wč pčp Izrayčl la. Se konsa tout pčp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avč l'.
13:5 Moun Filisti yo menm, bň pa yo tou, sanble pou y' al atake pčp Izrayčl la. Yo te gen trantmil (30.000) cha lagč, simil (6000) kavalye. Pou sňlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bň lanmč. Yo moute al pran pozisyon bň lavil Mikmas, sou bň solčy leve lavil Bčtavenn.
13:6 Moun pčp Izrayčl yo wč zafč a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pčp Izrayčl yo ak fňs. Pčp Izrayčl la vin pčdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwňt, nan twou wňch, dčyč gwo wňch, nan pi, nan twou anba tč.
13:7 Genyen ki menm janbe lňt bň larivyč Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avč l' yo t'ap tranble sitčlman yo te pč.
13:8 ś Dapre dat Samyčl te fikse ba li a, li rete la sčt jou ap tann Samyčl. Sčt jou yo pase, Samyčl pa vin lavil Gilgal. Pčp la konmanse vire do yo kite Sayil.
13:9 Lč Sayil wč sa, li di yo: -Mennen bčt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lňt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fč ofrann pou boule nan dife a.
13:10 Li t'ap fini fč sčvis ofrann pou boule nan dife a lč Samyčl parčt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou.
13:11 Samyčl di li: -Kisa ou fč konsa? Sayil reponn li: -Mwen wč pčp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lč ou te di ou t'ap vini an. Lčfini, moun Filisti yo t'ap sanble bň lavil Mikmas la.
13:12 Mwen di nan kč m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fč anyen pou mete Seyč a bň kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fč ofrann bčt pou boule nan dife pou Seyč a.
13:13 Samyčl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fč la a! Ou pa swiv lňd Seyč a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lňd li, li ta kite ou gouvčnen pčp Izrayčl la, lčfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
13:14 Men koulye a, rčy ou pa la pou lontan. Seyč a pral chache yon lňt moun ki va fč tou sa l'a vle l' fč, l'a mete l' chčf sou pčp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lňd Seyč a te ba ou a.
13:15 ś Epi Samyčl leve, li kite lavil Gilgal l' al fč wout li. Tout rčs pčp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sňlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fč enspeksyon lame ki te avč l' la. Te gen sisan (600) sňlda konsa.
13:16 Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avč l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas.
13:17 Sňlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fč twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la.
13:18 Yon lňt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bčtowon, ak yon lňt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyč a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezč a.
13:19 Lč sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayčl la yo pa t' ka jwenn fňjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fč ni nepe ni lans fč.
13:20 Se konsa, moun pčp Izrayčl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fč dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo.
13:21 Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyčs ajan pou file chak dan rach epi pou fč pwent frenn yo, de ti pyčs ajan pou fč dan chari yo ak pwent wou yo.
13:22 Se sa ki fč, lč jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avčk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fč. Sčl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak.