Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 1SAMUEL 16

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    16:1 ś Seyč a di Samyčl konsa: -Kilč w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pčp Izrayčl la ankň. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyčm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.

    16:2 Samyčl di li: -Ki jan ou vle mwen fč bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyč a reponn li: -Pran yon jenn ti gazčl avč ou, epi w'a di: Mwen vin fč yon sčvis ofrann bčt pou Seyč a.

    16:3 W'a envite Izayi nan sčvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fč. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sčvi wa devan m'.

    16:4 Samyčl fč tou sa Seyč a te di l' fč a. L' ale lavil Betleyčm. Chčf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kč sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?

    16:5 Samyčl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fč yon sčvis ofrann bčt pou Seyč a. Ale mete nou nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avč m' nan sčvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye tou. Lčfini, li envite yo nan sčvis ofrann bčt la tou.

    16:6 ś Lč yo rive, Samyčl wč Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kč l': -Nčg sa a ki kanpe devan lotčl la, sčten se li menm Seyč a chwazi.

    16:7 Men Granmčt la di l': -Pa gade sou bčl aparans li, ni sou bčl wotč li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valč yon moun jan lčzňm fč l' la. Lčzňm gade sou sa ki parčt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kč moun.

    16:8 Apre sa, Izayi fč rele Abinadab, yon lňt nan pitit gason l' yo, li mennen l' bay Samyčl. Men, Samyčl di: -Sa a tou, se pa li Seyč a chwazi.

    16:9 Izayi fč mennen Chama devan Samyčl. Men, Samyčl di: -Sa a tou, se pa li Seyč a chwazi.

    16:10 Konsa konsa, Izayi te mennen sčt nan pitit gason l' yo bay Samyčl. Epi Samyčl di Izayi konsa: -Non, Seyč a pa chwazi yonn ladan yo.

    16:11 Lč sa a, Samyčl di Izayi ankň: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lňt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dčnye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyčl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sčvis la tout tan li pa vini.

    16:12 Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bčl ti je, cheve l' te yon ti koulč kannčl, li te gen bčl figi. Seyč a di Samyčl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tčt li.

    16:13 Samyčl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tčt David, la devan tout frč li yo. Lamenm Lespri Seyč a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyčl leve, li tounen lavil Rama.

    16:14 ś Lespri Seyč a te kite Sayil, epi Seyč a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.

    16:15 Moun k'ap sčvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyč a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou!

    16:16 Mčt, annik pase yon lňd, epi nou menm ki la avč ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman.

    16:17 Sayil di moun k'ap sčvi l' yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen.

    16:18 Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyčm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sňlda ki gen bon pawňl nan bouch li. Lčfini, li byen kanpe. Seyč a avčk li.

    16:19 Se konsa Sayil voye kčk mesaje bň kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen.

    16:20 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmčt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.

    16:21 Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l' pou sčvi l'. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l' pou pote zam li yo.

    16:22 Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avč m'. Mwen renmen l' anpil.

    16:23 Depi lč sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lč konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankň.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar