20:1 ś David kouri kite lavil Najňt nan zňn Rama a, li chape kň l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fč? Kisa m' fč ki mal? Kisa m' fč papa ou pou li vle touye m' konsa?
20:2 Jonatan reponn li: -Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m' pa fč anyen san li pa di m'. Pa gen rezon pou l' ta kache m' sa. Se pa vre, monchč!
20:3 Men David sčmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kč l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fč a pou sa pa fč l' lapenn. M'ap fč ou sčman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
20:4 Jonatan di l': -Sa ou vle m' fč pou ou!
20:5 David reponn li: -Denmen se fčt lalin nouvčl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avčk pčmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswč.
20:6 Si papa ou wč mwen pa la epi li mande pou mwen, w'a di l' mwen te mande ou pčmisyon pou m' kouri rive lakay mwen, lavil Betleyčm, paske se lč pou yo fč sčvis ofrann bčt pou yo fč chak lanne pou tout fanmi mwen.
20:7 Si li di li dakň, w'a konnen mwen sove. Men, si li fč kolč, w'a konnen li soti vre pou li touye m'.
20:8 Tanpri, mwen menm k'ap sčvi ou la, m'ap mande ou yon favč, paske se Seyč a, Bondye menm, ki te fč ou mare zanmi avč m'. Pa kite anyen rive m'. Si m' antň, se ou menm ki pou touye m'. Pa kite m' rive devan papa ou!
20:9 ś Jonatan di li: -Wete sa nan lide ou, monchč! Si mwen vin konnen papa m' soti vre pou touye ou, m'ap avčti ou!
20:10 David di li: -Ki moun ki va fč m' konnen si papa ou reponn ou mal?
20:11 Jonatan di li: -Ann al deyň nan jaden yo. Epi yo tou de soti, y' al nan jaden yo.
20:12 Lčfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, pou temwen. Denmen lč konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fč menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wč li pa gen ankenn move santiman nan kč li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou.
20:13 Men, si li fč lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kň ou. Mwen mande pou Seyč a toujou la avč ou, menm jan li te konn kanpe la avčk papa m'.
20:14 Bon, koulye a menm, si lč sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomčs ou te fč m' devan Bondye a. Pa lage m'.
20:15 Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lč Seyč a va fin disparčt tout lčnmi ou yo sou latč,
20:16 piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lňt la nan non fanmi nou. Si ou kase l', se pou Bondye pini ou.
20:17 Jonatan fč David pwomčt li ankň l'ap toujou renmen l', paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwňp tčt pa li.
20:18 Apre sa, Jonatan di David: -Denmen se fčt lalin nouvčl la, y'ap wč ou pa la, paske plas ou ap rete vid.
20:19 Apre denmen y'ap wč ou pa la menm. Lč sa a, w'a desann, w'a ale kote ou te kache dčnye fwa a. W'a rete kache dčyč pil wňch Ezčl la.
20:20 Mwen menm, m'a tire twa flčch nan direksyon pil wňch la, tankou se pil wňch la menm m'ap vize.
20:21 Lčfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l' al chache flčch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l': Gade, flčch yo tonbe bň isit anvan yo gen tan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pč anyen, ou mčt vini. Mwen fč sčman nan non Seyč a, anyen p'ap rive ou.
20:22 Men, si mwen di domestik la: flčch yo tonbe bň lňt bň, yo depase kote ou ye a, leve met deyň, paske se Seyč a menm k'ap voye ou ale.
20:23 Pou pwomčs nou fč yonn bay lňt la, Seyč a ap fč n'ap kenbe l' pou tout tan.
20:24 ś Se konsa David t' al kache kň li nan jaden yo. Lč fčt lalin nouvčl la rive, wa Sayil vin chita bň tab la pou l' manje.
20:25 Li te chita nan plas li, sou fotčy bň miray la. Jonatan te chita bň tab la tou anfas wa a. Abnč menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid.
20:26 Jou sa a, Sayil pa t' di anyen, paske li t'ap di nan kč l': Se yon bagay ki dwe rive l'. Li pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye. Sčten, li pa nan kondisyon vre pou l' sčvi Bondye.
20:27 Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvčl la, plas David la te vid ankň. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayč, ni jňdi a?
20:28 Jonatan reponn li: -Li te mande m' pčmisyon pou l' al lavil Betleyčm.
20:29 Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fč yon sčvis ofrann bčt nan lavil Betleyčm. Frč m' yo te voye lňd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wč fanmi m' yo. Se poutčt sa li pa nan plas li bň tab wa a.
20:30 Sayil fč yon sčl kňlč sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!
20:31 Men, m' fč ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvčnen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri.
20:32 Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fč?
20:33 Lč sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wč papa l' te soti pou touye David vre.
20:34 Li leve soti bň tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyčm jou fčt lalin nouvčl la. Sa te fč l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal.
20:35 ś Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wč David jan li te pwomčt li a. Li pran yon jenn gason avč l'.
20:36 Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flčch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flčch la pou l' depase ti gason an.
20:37 Lč ti gason an rive kote flčch la te tonbe a, Jonatan pale byen fň, li di l' konsa: -Flčch la pi devan an toujou!
20:38 Pa kanpe la konsa. Fč vit non! Ti gason an ranmase flčch la, li pote l' tounen bay mčt li.
20:39 Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sčl Jonatan ak David te konnen.
20:40 Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li.
20:41 Lč ti gason an fin ale, David soti dčyč pil wňch la, li lage kň l' atč, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lňt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.