24:1 ś Lč Sayil tounen soti fč lagč ak moun Filisti yo, yo vin di l' David te nan dezč Angedi a.
24:2 Sayil pran twamil (3000) sňlda nan pčp Izrayčl la, sa ki te fň anpil nan fč lagč. Epi li pati al chache David ak mesye l' yo sou solčy leve Wňch Kabrit mawon yo.
24:3 Li rive devan yon gwňt ki te toupre yon pak mouton bň wout la. Li antre nan gwňt la al fč bezwen li. David menm te kache nan fon gwňt la ansanm ak mesye l' yo.
24:4 Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyč a te di l'ap ba ou a. Seyč a te di: L'ap lage lčnmi ou la nan men ou, w'a fč sa ou vle avč l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa.
24:5 Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a.
24:6 Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fč bagay konsa sou mčt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyč a menm ki te chwazi l' pou wa.
24:7 David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tčt yo. Li pa kite yo fč Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwňt la, li mache al fč wout li.
24:8 Lč sa a, David soti dčyč l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dčyč li. David tonbe ajenou, li bese tčt li jouk atč.
24:9 ś Epi li di: -Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fč malč sou ou?
24:10 Gade, jňdi a ou wč ak je ou ki jan Seyč a te lage ou nan men m' anndan gwňt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kč m' fč m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mčt mwen, paske se Seyč a menm ki te chwazi ou pou wa.
24:11 Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wč mwen pa gen anyen dčyč tčt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tčt mwen. Mwen pa fč ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'.
24:12 Se pou Seyč a jije ant nou de a kilčs ki antň! Se pou Seyč a pini ou pou sa w'ap fč m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou.
24:13 Jan pwovčb granmoun lontan yo di: Se moun mechan ki fč mechanste! Men mwen p'ap leve men m' sou ou.
24:14 Dčyč ki moun wa pčp Izrayčl la ye konsa? Dčyč ki moun l'ap kouri konsa? Dčyč yon chen mouri? Dčyč yon ti pis?
24:15 Seyč a va sčvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilčs ki antň! Se pou l' mete bouch nan zafč a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou.
24:16 ś Lč David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye.
24:17 Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antň! Ou te aji byen avč m'. Se mwen menm ki te aji mal avč ou.
24:18 Jňdi a ankň, ou fč m' wč se byen ou vle fč pou mwen paske, atout Seyč a lage m' nan men ou, ou pa touye m'.
24:19 Lč yon moun jwenn okazyon pou l' mete men l' sou lčnmi l', čske l'ap kite l' al fč wout li san li pa fč l' anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fč pou mwen jňdi a.
24:20 Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avčk ou menm wa pčp Izrayčl la, gouvčnman an ap kanpe fčm.
24:21 Men tanpri, pwomčt mwen, nan non Seyč a, ou p'ap touye pitit mwen yo lč m'a mouri, pou non m' pa disparčt nan fanmi papa m'.