29:1 ś Moun Filisti yo sanble tout sňlda yo nčt lavil Afčk. Moun Izrayčl yo menm te moute kan yo bň sous ki nan Fon Jizreyčl la.
29:2 Senk chčf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dčyč lňt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sňlda ak rejiman mil sňlda. David t'ap mache dčyč nčt avčk mesye l' yo ansanm ak Akich.
29:3 Lňt chčf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fč la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sčvi ak Sayil, wa pčp Izrayčl la. Li gen kčk tan depi li avč m'. Depi jou li kite wa pčp Izrayčl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jňdi a.
29:4 Men, lňt chčf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fč l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avčk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bčl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankň ak mčt li.
29:5 Lčfini, fňk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fč chante sa a lč yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil.
29:6 ś Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyč ki vivan an pou temwen, ou se yon nčg serye, ou toujou kenbe pawňl ou avč m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wč ou la avč m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jňdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fč ki mal. Men, mesye chčf yo pa fč ou konfyans.
29:7 Konsa, tounen al lakay ou ak kč poze. Epi, piga ou janm fč anyen ki pa fč yo plezi, tande!
29:8 David reponn li: -Men, mčt mwen, kisa m' fč? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sčvi ou rive jňdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fč ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bň kote ou, monwa, mčt mwen, kont lčnmi ou yo?
29:9 Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fč? Lňt chčf yo di ou pa pral avčk nou nan batay la.
29:10 Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonč bonč, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mčt ou a, pou yo te vin avč ou bň isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fč wout nou.