14:1 ś Lč Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rčy Asa, peyi a viv ak kč poze pandan dizan.
14:2 Asa te fč sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyč a, Bondye l' la.
14:3 Li fč disparčt tout lotčl yo te bati pou bondye lňt nasyon yo ak tout kote yo te konn fč sčvis pou yo. Li fč kraze zidňl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.
14:4 Li bay tout moun Jida yo lňd pou yo mache dapre volonte Seyč a, Bondye zansčt yo a, pou yo fč tou sa ki nan lalwa ak nan kňmandman Bondye yo.
14:5 Li fč disparčt tout kote yo te konn fč sčvis pou lňt bondye yo ansanm ak lotčl pou boule lansan pou yo nan dčnye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rčy li, peyi a t'ap viv ak kč poze.
14:6 Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezňd, ni li pa t' nan fč lagč ak pesonn, paske Seyč a te ba li chans viv ak kč poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo.
14:7 Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfňse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fň pou pwoteje yo ak pňtay solid ak gwo ba pou fčmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fč volonte Seyč a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fč nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'.
14:8 Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (300.000) sňlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotčj ak frenn, plis desankatreven mil (280.000) sňlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotčj ak banza pou voye flčch. Yo tout te vanyan sňlda.
14:9 ś Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sňlda ansanm ak twasan (300) cha lagč. Yo vanse jouk lavil Marecha.
14:10 Asa soti ak lame pa l' la al kontre avč l'. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha.
14:11 Asa lapriyč Seyč a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sčl Mčt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyč, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyč, se ou menm ki Bondye nou. Fč wč pesonn pa ka kenbe tčt avč ou!
14:12 Se konsa, Seyč a fč Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letiopi a. Lame Letiopi a kouri met deyň.
14:13 Men Asa ak sňlda li yo kouri dčyč yo jouk lavil Gera. Yo touye sňlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyč a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakčt bagay lčnmi yo te kite.
14:14 Lčfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zňn Gera a, paske moun la yo te pč Seyč a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen.