17:1 ś Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l'. Li ranfňse pozisyon l' devan peyi Izrayčl la.
17:2 Li mete sňlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvčnč nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l', te pran nan peyi Efrayim lan.
17:3 Seyč a te kanpe avčk Jozafa, paske li te fč tankou David, granpapa l', nan konmansman rčy li. Li pa t' kouri dčyč Baal yo.
17:4 Li t'ap chache tout jan pou li te sčvi Bondye zansčt li a. Li te mache dapre lňd Bondye bay yo, li pa t' fč tankou wa Izrayčl yo.
17:5 Seyč a bay gouvčnman l' lan fňs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fč lwanj li.
17:6 Li te pran plezi l' nan fč volonte Seyč a. Li fč disparčt tout kote yo t'ap sčvi zidňl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo.
17:7 Li te gen twazan depi li te wa lč li voye kčk chčf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pčp la sa pou l' fč. Men non chčf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyčl ak Mikaya.
17:8 Yo te gen nčf moun Levi ak de prčt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayčl, Chemiramňt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prčt yo te rele: Elichama ak Joram.
17:9 Avčk liv lalwa Seyč a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pčp la sa pou li fč.
17:10 ś Tout gouvčnman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitčlman pč Seyč a, yo yonn pa chache fč lagč ak wa Jozafa.
17:11 Lekontrč, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chčf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sčtmil sčtsan (7.700) mouton ak sčtmil sčtsan (7.700) kabrit fč l' kado.
17:12 Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fň chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadčl ak lavil pou sčvi l' depo.
17:13 Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalčm menm, li te gen anpil vanyan sňlda.
17:14 Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kňmandan tout chčf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil (300.000) sňlda sou zňd li.
17:15 Li te gen avč l' Jokanan avčk desankatrevenmil (280.000) sňlda sou zňd li.
17:16 Avč l' toujou te gen Amasya, pitit Zikri a, ak desanmil (200.000) sňlda. Amasya sa a te pote tčt li limenm, san pesonn pa t' mande l' pou sčvi Seyč a.
17:17 Alatčt moun branch fanmi Benjamen yo te gen Elyada, yon vanyan sňlda, ak desanmil (200.000) sňlda ki te gen plak pwotčj ak banza.
17:18 Avč l' te gen Jeozabad avčk sankatrevenmil (180.000) sňlda byen ame pou lagč.