Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 2CHRONICLES 19

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    19:1 ś Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalčm san anyen pa rive l'.

    19:2 Yon pwofčt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fč al ede moun k'ap fč mal? Ki jan ou rive fč zanmi ak moun ki pa vle wč Seyč a? Se poutčt sa, Seyč a fache sou ou anpil.

    19:3 Men malgre sa, ou fč kčk bagay ki bon. Ou te kraze tout pňtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lčfini ou te chache fč volonte Bondye.

    19:4 Jozafa te rete lavil Jerizalčm. Men, li pran vizite pčp la nan tout peyi a ankň, depi lavil Bčcheba nan sid, rive jouk nan mňn Efrayim yo nan nň, pou l' te fč pčp la tounen vin jwenn Seyč a, Bondye zansčt yo a.

    19:5 ś Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lňt.

    19:6 Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fč a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyč a. L'ap kanpe la bň kote nou lč n'ap rann jijman.

    19:7 Se pou nou gen krentif pou Seyč a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fč, paske Seyč a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fč pa yo.

    19:8 Nan lavil Jerizalčm menm, Jozafa chwazi kčk moun Levi, prčt ak chčf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapň ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalčm yo ka gen yonn ak lňt.

    19:9 Li ba yo lňd, li di yo: -Se pou nou fč travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lňd li nan tou sa n'ap fč.

    19:10 Chak fwa frč nou yo ki rete nan lňt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lňd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fč anyen ki mal devan Seyč a. Si nou pa fč sa, Seyč a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fč sa nou dwe fč, nou p'ap koupab nou menm.

    19:11 Amarya, granprčt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapň ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayčl la, chčf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapň ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fč respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyč a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar