Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 2CHRONICLES 21

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    21:1 ś Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotčy la nan plas li.

    21:2 Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frč: Azarya, Jeyčl, Zakari, Azaryawou, Mikayčk ak Chefatyawou.

    21:3 Papa yo te ba yo chak yon kantite lň, ajan, ak tout kalite lňt bagay ki gen valč. Li mete yo chčf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l'.

    21:4 Lč Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lčfini, li fč touye tout frč l' yo ansanm ak kčk gwo chčf pčp Izrayčl la.

    21:5 Joram te gen tranndezan lč li moute wa. Li gouvčnen lavil Jerizalčm pandan witan.

    21:6 Li fč tankou wa Akab ak lňt wa peyi Izrayčl yo te fč. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fč sa ki mal nan je Seyč a.

    21:7 Men Seyč a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomčt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvčnen peyi a devan Seyč a.

    21:8 Sou rčy wa Joram, moun peyi Edon yo pran lčzam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libčte granmoun yo, yo nonmen yon wa pou gouvčnen yo.

    21:9 Se konsa Joram soti ak tout chčf li yo ak tout cha lagč li yo, li mache sou yo. Lame moun Edon yo sčnen l'. Pandan lannwit, Joram ak chčf cha lagč li yo leve, yo atake moun Edon yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape kň yo.

    21:10 Se depi lč sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lč sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyč a, Bondye zansčt yo a.

    21:11 Li te menm rive fč bati tanp pou sčvi zidňl nan mňn peyi Jida yo. Li lakňz moun lavil Jerizalčm yo vire do bay Bondye. Li fč peyi Jida a pčdi wout li.

    21:12 ś Se konsa Joram resevwa yon lčt pwofčt Eli te voye ba li. Nan lčt la pwofčt la di: -Men sa Seyč a, Bondye David, zansčt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.

    21:13 Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayčl yo. Ou lakňz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalčm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fč l' la. Ou menm rive touye frč ou yo, pwňp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.

    21:14 Se poutčt sa, Seyč a pral voye yon gwo malč sou pčp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen.

    21:15 Ou menm pou tčt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sčl maladi vant ki pral fč ou soufri jouk trip ou va soti.

    21:16 Lč sa a, te gen kčk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyč a fč yo vin atake Joram.

    21:17 Yo anvayi peyi Jida, yo piye palč wa a, yo fč tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sčl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dčnye a.

    21:18 Apre sa, Seyč a voye yon sčl maladi vant sou li ki pa t' ka geri.

    21:19 Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lč li mouri. Pčp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fč l' pou zansčt li yo.

    21:20 Joram te gen tranndezan lč li moute wa, li gouvčnen lavil Jerizalčm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lč li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar