26:1 ś Tout pčp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fč l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sčzan lč sa a.
26:2 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fč l' tounen anba otorite wa peyi Jida a apre lanmň papa l'.
26:3 Ozyas te gen sčzan lč li moute wa peyi Jida. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalčm.
26:4 Ozyas te fč sa ki dwat devan Seyč a menm jan ak Amasya, papa l', te fč l'.
26:5 Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sčvi Seyč a san mank. Pandan tout tan li t'ap sčvi Seyč a, Bondye te fč zafč l' mache byen.
26:6 Ozyas leve al goumen ak moun Filisti yo. Li kraze miray ranpa lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdňd. Li bati lňt lavil ak miray ranpa nan zňn Asdňd ak nan mitan peyi Filisti a.
26:7 Bondye ede l' goumen kont moun Filisti yo, kont moun Arabi ki t'ap viv lavil Goubaal yo, ak kont moun Mawon yo.
26:8 Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l' jouk sou fwontyč peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa.
26:9 Ozyas ranfňse defans lavil Jerizalčm. Li bati gwo fň tou won bň Pňtay Kwen an, bň Pňtay Fon an ak nan yon kwen miray la.
26:10 Li bati gwo fň tou won nan dezč a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mňn, paske li te renmen travay latč.
26:11 Ozyas te gen yon gwo lame toujou pare pou fč lagč. Lame a te separe an gwoup, dapre jan yo te enskri nan rejis Jeiyčl, sekretč wa a, ak Masyas, grefye a, te kenbe sou kontwňl Ananya, yonn nan gwo chčf wa a.
26:12 Te gen demil sisan (2.600) chčf fanmi alatčt vanyan sňlda sa yo.
26:13 Sou zňd yo te gen yon lame ak twasansčtmil senksan (307.500) sňlda toujou pare pou lagč. Yo te grannčg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lčnmi wa yo.
26:14 Ozyas bay tout moun nan lame a plak pwotčj, frenn, kas pou tčt yo, rad an plak fč, banza ak flčch, ak wňch pou gwo fistibal.
26:15 Nan lavil Jerizalčm, li te gen yon enjenyč ki t'ap fč tout kalite machin pou voye flčch ak gwo wňch. Li fč mete machin sa yo nan fň won yo ak nan kwen miray ranpa yo. Yo t'ap nonmen non Ozyas byen lwen, paske Bondye te sitčlman ede l' li te vin gen anpil pouvwa.
26:16 ś Men, lč li fin chita pouvwa l' byen chita, lňgčy vire tčt li, sa lakňz pye l' chape. Li fč bagay Seyč a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fč. Yon jou li antre nan Tanp Seyč a pou boule lansan sou lotčl lansan an.
26:17 Azarya, prčt la, antre dčyč l' ak katreven lňt prčt Seyč a, tout vanyan gason.
26:18 Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyč a. Se prčt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fč sa. Wete kň ou kote yo mete apa nčt pou Seyč a. Paske sa w'ap fč a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avč ou poutčt sa.
26:19 Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prčt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyč a, toupre lansan an, devan tout prčt yo, yon move maladi po parčt sou fwon li.
26:20 Lč granprčt la, Azarya, ak lňt prčt yo gade l', yo wč maladi a parčt sou fwon li. Yo mete l' deyň. Li menm, li prese soti paske se Seyč a menm ki te pini l'.
26:21 Wa Ozyas rete ak maladi po a sou li jouk li mouri. Li te rete nan yon ti kay apa pou kont li, jan yo fč l' pou moun ki gen maladi sa a. Yo enpoze l' mete pye l' nan kay Seyč a. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki te reskonsab tout bagay nan palč a. Se li menm tou ki te gouvčnen pčp la nan peyi a.
26:22 Pwofčt Izayi, pitit Amňz la, te ekri tout rčs istwa Ozyas la, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dčnye jou a.