Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 2CHRONICLES 3

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    3:1 ś Salomon tanmen bati Tanp Seyč a lavil Jerizalčm sou mňn Morija a, kote Seyč a te parčt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.

    3:2 Lč sa a, Salomon te gen twazan yon mwa de jou depi li te wa.

    3:3 Salomon te bati Tanp lan sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye longč sou trant pye lajč.

    3:4 Gwo pyčs ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajč menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven (180) pye wotč. Salomon te fč kouvri tout miray anndan pyčs la ak bon lň.

    3:5 Li plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyčs la. Li kouvri tout bwa yo nčt ak bon lň. Lčfini, li fč yo mete pňtre pye palmis ak ti chenn.

    3:6 Li dekore l' ak bčl pyč koute chč. Yo te sčvi ak bon kalite lň ki soti peyi Pavayim.

    3:7 Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lň: travčs yo, ankadreman pňt yo, palisad yo ak pňt yo menm. Sou tout palisad yo, li fč mete pňtre zanj cheriben.

    3:8 Yo bati tou pyčs ki apa nčt pou Seyč a. Li te gen trant pye lajč, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longč, kare kare. Yo sčvi ak venmil (20.000) kilo lň pou kouvri tout anndan l'.

    3:9 Klou yo te sčvi yo te fčt an lň tou. Yo chak te peze senksan (500) gram. Yo kouvri tout miray anndan pyčs anwo yo tou ak lň.

    3:10 ś Nan pyčs ki apa nčt pou Seyč a, li fč fč de estati zanj cheriben. Li fč kouvri yo ak lň nčt.

    3:11 -(we včsč pwochen)

    3:12 -(we včsč pwochen)

    3:13 Yo te mete zanj yo kanpe yonn bň kote lňt, ak figi yo bay sou pňt antre pyčs la. Yo chak te gen de zčl. Chak zčl te gen sčt pye edmi longč. Zčl yo te louvri. Pwent zčl anndan yo touche yonn ak lňt nan mitan pyčs la, de pwent zčl deyň yo touche ak de miray sou kote yo. Konsa, longč tout zčl yo ansanm te bay trant pye.

    3:14 Li fč yo fč yon rido pou pyčs ki apa nčt pou Seyč a ak twal ble, twal wouj, twal violčt. Li fč bwode pňtre zanj cheriben sou rido a tou.

    3:15 Salomon fč fč de gwo poto won. Yo chak te gen senkannde pye wotč. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. Tčt poto yo te mezire sčt pye edmi wotč.

    3:16 Li fč ti chenn mare yonn ak lňt, li mete yo fč wonn anwo tčt poto yo ansanm ak pňtre grenad li mare nan ti chenn yo.

    3:17 Li mete poto yo devan Tanp lan, yo yonn chak bň pňtay la. Yo rele sa ki te bň dwat la Jakin, sa ki te bň gňch la Boaz.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar