33:1 ś Manase te gen douzan lč li moute wa peyi Jida. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan senkannsenkan.
33:2 Li fč sa ki mal devan Seyč a, dapre vye prensip krimenčl lňt nasyon Seyč a te mete deyň pou fč plas pou moun pčp Izrayčl yo.
33:3 Li rebati tanp bondye lňt nasyon Ezekyas, papa l', te fč kraze yo. Li bati lotčl pou Baal, li fč yon estati Achera. Lčfini, li adore dčnye zetwal ki nan syčl la, li fč sčvis pou yo.
33:4 Li menm rive bati lotčl pou zidňl nan Tanp Seyč a menm, kote Seyč a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalčm pou toutan.
33:5 Li fč bati lotčl nan de lakou tanp Seyč a pou tout zetwal ki nan syčl la.
33:6 Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotčl zidňl yo nan Fon Inon an. Li lage kň l' nan li nwaj nan syčl la ak nan fč maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinň yo ak moun ki konn rele mň pou pale ak yo. Li donnen nan fč sa ki mal devan Seyč a pou l' te fč Seyč a move jouk li pa kapab ankň.
33:7 Li fč fč yon estati zidňl mete nan Tanp Seyč a, atout Seyč a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalčm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pčp Izrayčl la, pou yo fč sčvis pou mwen.
33:8 Depi moun pčp Izrayčl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fč tou sa ki nan lalwa Moyiz, sčvitč m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyň nan peyi mwen te vle bay zansčt yo a.
33:9 Men, Manase te lakňz pčp Jida a ak moun lavil Jerizalčm yo pčdi tčt yo, yo fč pi mal pase nasyon Seyč a te mete deyň nan peyi a pou fč plas pou yo.
33:10 Seyč a te pale ak Manase ansanm ak pčp li a, men yo derefize koute l'.
33:11 ś Lč sa a, Seyč a voye chčf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwňk nan machwč li, yo mare l' ak de gwo chenn fčt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilňn.
33:12 Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyč a, Bondye li a, li rekončt tout fňt li yo devan Seyč a, Bondye zansčt li yo.
33:13 Li lapriyč Bondye, Bondye tande lapriyč l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fč l' tounen lavil Jerizalčm pou li al pran plas li ankň. Se konsa Manase vin konprann se Seyč a ki Bondye vre.
33:14 Apre sa Manase bati yon miray byen wo sou deyň lavil David la, sou bň solčy kouche, bň sous Giyon an. Miray la pran depi nan ravin lan, li pase bň Pňtay Pwason yo, li fč wonn Ofčl la. Manase mete yon kňmandan nan tout lavil peyi Jida yo ki gen gwo ranpa.
33:15 Li wete tout estati zidňl lňt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotčl yo te bati sou mňn kote Tanp Seyč a te ye a ak nan lavil Jerizalčm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyň lavil la.
33:16 Li fč repare lotčl Seyč a, li fč ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l' mčsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sčvi Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la.
33:17 Pčp la te toujou ap ofri bčt pou yo touye lňt kote, men se te toujou pou Seyč a, Bondye yo a, ase.
33:18 Tout rčs istwa Manase a, lapriyč li te fč nan pye Bondye li a, mesaj pwofčt yo te ba li nan non Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, tou sa ekri nan Liv Istwa wa pčp Izrayčl yo.
33:19 Lapriyč wa a te fč a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidňl yo, estati Achera ak estati lňt zidňl li te fč fč pou l' te ka sčvi anvan li te rekončt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofčt Ozayi a.
33:20 Lč Manase mouri, yo antere l' nan jaden palč a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
33:21 ś Amon te gen venndezan lč li moute wa peyi Jida a. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan dezan.
33:22 Tankou Manase, papa l', li fč sa ki mal devan Seyč a. Li ofri bčt pou yo touye, li fč sčvis pou tout zidňl papa l' te fč fč yo.
33:23 Men, li pa t' rekončt peche l' yo devan Seyč a, tankou Manase, papa l', te fč l' la. Li menm rive fč pi mal pase papa l' toujou.
33:24 Chčf ki t'ap sčvi avčk Amon yo fč konplo, yo touye l' anndan palč a.