9:1 ś Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalčm pou l' sonde konesans Salomon avčk kčk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avč l' ak anpil chamo chaje odč, fčy santi bon, kantite lň ak pyč koute chč. Lč li rive devan Salomon, li poze l' tout kalite keksyon li te fč lide mande l'.
9:2 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twň difisil pou li reponn.
9:3 Larenn peyi Saba a wč jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wč palč li te bati a.
9:4 Li wč kalite manje yo te sčvi sou tab li, kay li te fč bati pou chčf li yo, jan li te ňganize moun k'ap travay nan palč a, rad inifňm yo te genyen, domestik ki t'ap sčvi l' bweson ak bčt li te ofri pou boule nčt pou Seyč a nan Tanp lan. Lč li wč tou sa, li pčdi lapawňl sitčlman li te sezi.
9:5 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
9:6 Men, mwen pa t' vle kwč toutotan mwen pa t' vini wč ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wč a. Bon konprann ou ak richčs ou pi plis pase sa yo te di a.
9:7 Ala bčl chans moun pa ou yo genyen! Ala bčl chans pou moun k'ap travay avč ou yo! Yo toujou la devan ou ap tande bčl pawňl k'ap soti nan bouch ou!
9:8 Lwanj pou Seyč a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avč ou. Li mete ou chita sou fotčy li a pou ou te ka wa peyi Izrayčl la. Li menm ki renmen peyi Izrayčl la, li vle pou peyi a pa janm disparčt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lňd, nan bon chemen, san patipri.
9:9 Larenn Saba a fč wa a kado twa tňn edmi lň ak kantite fčy santi bon ak anpil pyč koute chč. Pat janm rive gen nan pčyi Izrayčl la kantite fčy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lč sa a.
9:10 Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lň nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bčl pyč koute chč soti nan menm peyi a.
9:11 Salomon sčvi ak bwa koray yo pou fč planche nan Tanp lan ak nan palč a. Li fč gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Yo pa t' janm wč bagay konsa nan peyi Jida a anvan sa.
9:12 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avč l' yo.
9:13 ś Chak lanne, wa Salomon te resevwa vennsenk tňn lň,
9:14 san konte lajan li te resevwa nan men moun k'ap fč trafik yo ak moun k'ap fč kňmčs yo. Tout wa peyi Arabi yo ak gouvčnč pčp Izrayčl yo te pote lň ak ajan bay Salomon tou.
9:15 Salomon te fč fč desan (200) gwo plak pwotčj an fč. Lčfini, li fč kouvri yo chak ak yon kouch lň ki peze douz liv.
9:16 Li fč fč twasan (300) ti plak pwotčj, li fč kouvri yo chak ak yon kouch lň ki peze sis liv. Li mete tout plak pwotčj sa yo nan salon Rakbwa Peyi Liban an.
9:17 Li fč fč tou yon gwo fotčy ak kňn elefan. Li fč kouvri l' ak pi bon kalite lň ki genyen.
9:18 Pou rive bň fotčy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Devan fotčy la te gen yon ti ban an lň pou wa a lonje pye l'. Fotčy la te gen de manch. Sou kote manch yo, sou chak bň te gen pňtre yon lyon.
9:19 Te gen douz lyon sou mach eskalye yo, de sou chak mach nan de pwent yo. Pat gen ankenn lňt peyi ki te gen yon fotčy pou wa parčy ak sa a.
9:20 Tout gode wa Salomon te sčvi pou l' bwč te fčt an lň. Tout bagay ki te sčvi nan Salon Rakbwa Peyi Liban an te fčt an bon lň. Yo pa t' sčvi ak ajan menm, paske sou rčy Salomon, ajan pa t' vo anyen.
9:21 Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lň, ajan, kňn elefan, pan ak makak.
9:22 Wa Salomon te pi rich pase tout lňt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.
9:23 Tout wa toupatou te vin wč Salomon pou tande bčl pawňl Bondye te mete nan bouch li.
9:24 Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fčt an ajan ak an lň, rad, zam, fčy santi bon, chwal ak milčt. Chak lanne se te konsa.
9:25 Salomon te gen katmil (4.000) kay kote li te mete chwal li yo ak cha lagč, ak douzmil (12.000) chwal pou sňlda kavalye yo. Li mete yon pňsyon nan lavil kote li te gen cha li yo, rčs yo li mete yo lavil Jerizalčm bň kote l'.
9:26 Salomon te sčl chčf sou tout wa ki t'ap gouvčnen depi larivyč Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fwontyč peyi Lejip.
9:27 Pandan tout rčy li, ajan te tankou wňch lavil Jerizalčm. Bwa sčd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomň nan rakbwa nan plenn peyi Jida yo.
9:28 Se nan peyi Lejip ak nan tout lňt peyi Salomon te fč chache chwal li yo.
9:29 Tout rčs istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dčnye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofčt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofčt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.
9:30 Salomon te wa lavil Jerizalčm, li te gouvčnen tout pčp Izrayčl la pandan karantan.