Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - 2JOHN 1

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    1:1 ś Mwen menm, chčf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lčt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sčlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou.

    1:2 Paske verite a nan kč nou, l'ap avčk nou pou tout tan.

    1:3 Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kč poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.

    1:4 Mwen pa t' manke kontan lč m' wč te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.

    1:5 ś Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lňt. Se pa yon lňt kňmandman tou nčf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kňmandman nou te genyen depi nan konmansman an.

    1:6 Si nou gen renmen nan kč nou, sa vle di n'ap viv dapre kňmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.

    1:7 ś Gen anpil moun koulye a toupatou sou latč k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekončt Jezikri te vin sou latč tankou yon moun tout bon. Moun nou wč k'ap fč sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la.

    1:8 Veye kň nou byen pou nou pa pčdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.

    1:9 Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.

    1:10 ś Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lňt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li.

    1:11 Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fč yo.

    1:12 ś Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nčt.

    1:13 Pitit sč ou yo, sč Bondye te chwazi ansanm avč ou la, yo voye bonjou pou ou.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar