13:1 ś Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvčnen peyi Jida a lč Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayčl. Li gouvčnen pandan disetan nan lavil Samari.
13:2 Men, li te fč sa ki mal nan je Seyč a, li te lage kň l' nan fč menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakňz pčp Izrayčl la peche tou. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.
13:3 Se konsa li fč Seyč a fache sou moun peyi Izrayčl yo. Se sa ki fč Seyč a te lage yo nan men Azayčl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa.
13:4 Lč sa a, Joakaz lapriyč nan pye Seyč a. Seyč a reponn li paske li te wč jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayčl yo.
13:5 Seyč a voye yon moun pou sove pčp la. Se konsa, moun peyi Izrayčl yo soti anba men pčp Siri a. Yo tanmen viv ankň ak kč poze tankou anvan.
13:6 Atousa, yo pa t' sispann fč peche fanmi Jewoboram yo te lakňz pčp la te fč. Yo lage kň yo nan fč menm peche yo tou. Estati Astate a te toujou kanpe lavil Samari.
13:7 Lame Joakaz te rete avčk sčlman senkant kavalye, dis cha lagč ak dimil (10.000) sňlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lňt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyč.
13:8 Rčs istwa Joakaz la ansanm ak tou sa li te fč, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayčl yo.
13:9 Lč Joakaz mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
13:10 ś Wa Joas t'ap mache sou trannsetan depi li t'ap gouvčnen peyi Jida lč Joas, pitit Joakaz la, moute wa peyi Izrayčl. Li gouvčnen peyi a pandan sčzan nan lavil Samari.
13:11 Men, li te fč sa ki mal nan je Seyč a, li te lage kň l' nan fč menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakňz pčp Izrayčl la peche tou. Li lage kň l' pi rčd ladan l'.
13:12 Tout rčs istwa Joas la, tout sa li te fč, jan li te vanyan sňlda lč li t'ap fč lagč ak Amasya, wa peyi Jida a, tou sa te ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayčl yo.
13:13 Lč li mouri, yo antere l' menm kote ak lňt wa peyi Izrayčl yo lavil Samari. Se Jewoboram ki moute wa nan plas li.
13:14 Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayčl la, al wč l'. Wa a kriye, li lage kň l' sou figi Elize, li di konsa: --Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayčl la, w'ap mouri vre!
13:15 Elize di li: --Pran yon banza ak kčk flčch. Wa a pran yon banza ak kčk flčch.
13:16 Lč sa a, Elize di l' konsa: --Pare ou pou ou tire yon flčch. Wa a pare. Elize mete men pa l' sou men wa a.
13:17 Li di l': --Louvri fennčt ki bay sou solčy leve a. Wa a louvri fennčt la. Elize di li: --Koulye a tire! Wa a tire flčch la, lč sa a Elize pale byen fň li di: --Men flčch Seyč a voye pou bay delivrans lan, flčch ki pral kraze peyi Siri a! Ou pral bat moun Siri yo lavil Afčk jouk ou a fini ak yo.
13:18 Apre sa, Elize di wa a: --Pran lňt flčch yo! Wa a pran flčch yo. Elize di li: --Frape yo atč. Wa a frape yo atč an twa fwa epi li rete.
13:19 Lč sa a, pwofčt la fache sou li, li di l' konsa: --Se pou ou te frape atč a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nčt nčt ak yo. Koulye a, ou pral bat yo twa fwa ase.
13:20 ś Elize mouri, yo antere l'. Chak lanne moun Moab yo te konn fč bann pou vin fč piyay nan peyi Izrayčl la.
13:21 Yon lč moun peyi Izrayčl yo tapral antere yon moun mouri, yo wč yonn nan bann moun Moab yo, yo prese lage kadav la nan tonm Elize a epi yo met deyň. Kadav la al tonbe sou zosman Elize yo. Lamenm, mň a leve vivan, li kanpe sou de pye l'.
13:22 Azayčl, wa peyi Siri a, te maltrete pčp peyi Izrayčl la pandan tout reny Joakaz.
13:23 Men, Seyč a te aji byen ak moun peyi Izrayčl yo, li te gen pitye pou yo. Li pa t' kite moun fini ak yo, li te ede yo poutčt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakňb. Li pa janm bliye pčp li a, jouk lč sa a.
13:24 Lč Azayčl, wa peyi Siri a, mouri, se Bennadad, pitit li, ki moute wa nan plas li.