20:1 ś Vč menm epňk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prčt pou l' mouri. Pwofčt Ezayi, pitit Amňz la, vin wč li, li di l' konsa: --Men sa Seyč a voye di ou: Ou mčt mete lňd nan zafč ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
20:2 Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyč Seyč a.
20:3 Li di: --Tanpri, Seyč! Chonje jan mwen te sčvi ou ak tout kč mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fč sa ou te vle m' fč. Epi li pran kriye kont kriye l'.
20:4 Lč Ezayi kite wa a, li pa t' ankň soti nan lakou ki nan mitan palč a lč Seyč a pale avč l', li di l' konsa:
20:5 --Tounen al jwenn Ezekyas, chčf pčp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyč a, Bondye David, zansčt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyč ou. Mwen wč jan sa fč ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyč a.
20:6 M'ap kite ou viv kenzan ankň, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalčm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutčt David sčvitč m' lan, ak poutčt mwen.
20:7 Ezayi mande pou fč yon kataplas ak fig frans mete sou malenng wa a. Yo fč sa vre. Epi wa a geri.
20:8 Lč sa a, wa a mande Ezayi: --Kisa ki pral fč m' konnen Seyč a pral geri m' pou nan twa jou m' ka al nan Tanp Seyč a?
20:9 Ezayi reponn li: --Men siy Seyč a pral fč ou wč pou ou ka konnen l'ap kenbe pawňl li. Gade kadran solčy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fč bak sou dis ti mak?
20:10 Ezekyas di l': --Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fč bak sou dis ti mak.
20:11 Pwofčt Izayi lapriyč Seyč a epi Seyč a fč lonbraj la fč bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solčy wa Akaz te fč a.
20:12 ś Nan menm epňk sa a, wa peyi Babilňn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lčt ba li ansanm ak yon kado.
20:13 Ezekyas te kontan jčs la. Li moutre mesaje wa Babilňn te voye yo tout richčs li yo: pyčs an ajan, lň, epis, boutčy odč, zam ansanm ak tout lňt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fč yo wč dčnye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
20:14 Lč sa a, pwofčt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': --Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: --Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilňn.
20:15 Ezayi di l' konsa: --Kisa yo wč nan palč a? Ezekyas reponn: --Yo wč tout sa ki nan palč a. Mwen fč yo wč dčnye bagay mwen gen nan depo m' yo.
20:16 Ezayi di wa Ezekyas konsa: --Koute mesaj Seyč ki gen pouvwa a voye ba ou:
20:17 Yon lč gen pou rive. Lč sa a, y'ap pran dčnye bagay ki nan palč ou la, tou sa zansčt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jňdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilňn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyč a menm ki di sa.
20:18 Y'ap pran kčk nan pwňp pitit pitit ou yo, y'ap depňte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sčvi nčg konfyans nan palč wa Babilňn lan.
20:19 Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: --Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kč l': Depi pa gen boulvčs, depi pa gen lagč nan peyi a tout tan m'ap viv la!
20:20 Tout rčs istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sňlda, jan li te bati rezčvwa dlo a ak gwo kannal anba tč pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.