20:1 ś Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpčt li, li rele pčp la, epi li di yo byen fň: -Nou pa gen anyen pou nou wč ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafč pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayčl yo!
20:2 Se konsa moun peyi Izrayčl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyč Jouden rive lavil Jerizalčm.
20:3 Lč David rive nan palč li lavil Jerizalčm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palč a, li fčmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankň. Yo rete fčmen la tout rčs lavi yo, tankou fanm ki pčdi mari yo.
20:4 ś Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'.
20:5 Amasa pati al avčti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l' te tounen an.
20:6 Wa a rele Abichayi, li di l' konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kňmandman lame mwen an. Pati dčyč l' anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l' chape anba men nou.
20:7 Se konsa sňlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lňt vanyan sňlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalčm ak Abichayi, yo pati dčyč Cheba.
20:8 Lč yo rive bň gwo wňch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l'. Joab vanse devan l'. Nepe a soti nan djenn lan, li tonbe atč.
20:9 Joab di Amasa: -Ban m' nouvčl ou non, zanmi. Epi li kenbe l' nan bab ak men dwat li pou l' bo li.
20:10 Amasa menm pa fč atansyon lňt nepe Joab te kenbe nan men gňch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyň. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyčm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frč l' la, pati dčyč Cheba.
20:11 Yonn nan sňlda Joab yo te kanpe bň kadav Amasa a. Li pran rele byen fň: -Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab!
20:12 Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lč sňlda Joab la wč chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l' nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li.
20:13 Lč li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dčyč Cheba, pitit Bikri a.
20:14 ś Cheba bň pa l' menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayčl yo, li rive lavil Abčl-Bčt Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dčyč l', yo swiv li nan lavil la.
20:15 Sňlda Joab yo vin rive devan Abčl-Bčt Maka. Yo sčnen lavil la, yo anpile ranblč nan pye gwo miray deyň a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fč l' tonbe.
20:16 Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l' pwoche bň isit la. Mwen ta renmen fč yon ti pale avč l'.
20:17 Joab vin rive. Fanm lan mande l': -Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: -Wi, se mwen menm. Fanm lan di l': -Se sčvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: -M'ap koute ou, wi.
20:18 Fanm lan di konsa: -Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichňy, desann lavil Abčl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafč yo.
20:19 Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayčl yo kote ki pa gen dezňd. Lčfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l'? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyč a?
20:20 Joab reponn li: -Sa ou kwč a se pa sa! Se pa t' nan lide m' ni pou m' te kraze, ni pou m' te detwi lavil nou an.
20:21 Se pa dčyč sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mňn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m', m'ap vire do m' kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N'ap voye tčt li jete lňt bň miray la ba ou.
20:22 li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fč. Yo koupe tčt Cheba, yo voye l' jete lňt bň miray la bay Joab. Joab fč kňnen twonpčt la pou bay sňlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fč wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalčm al jwenn wa a.
20:23 ś Joab te kňmandan tout lame pčp Izrayčl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kňmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pčsončl wa a.
20:24 Adoram te reskonsab kňve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a.
20:25 Cheva te sekretč gouvčnman an. Zadňk ak Abyata te prčt.