9:1 ś Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avč l' poutčt Jonatan.
9:2 Te gen yon domestik ki t'ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fč chache l', yo mennen l' bay wa a. Wa a mande l': -Se ou menm nonm yo rele Ziba a? Li reponn: -Wi, monwa. Mwen la pou m' sčvi ou.
9:3 Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fč kichňy pou li jan mwen te pwomčt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.
9:4 Wa a mande l': -Kote l' ye? Ziba reponn: -Li kay Maki, pitit gason Amiyčl la, lavil Lodeba.
9:5 Se konsa, David voye chache l'.
9:6 Lč Mefibochčt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tčt li rive atč devan David. David di l' konsa: -Mefibochčt? Li reponn: -Se mwen menm, monwa. M' la pou m' sčvi ou.
9:7 David di l' konsa: -Ou pa bezwen pč. Mwen pral aji byen avč ou poutčt Jonatan, papa ou. M'ap renmčt ou tout tč ki te pou Sayil, granpapa ou. Lčfini, chak jou w'a vin manje sou tab avč m'.
9:8 Mefibochčt bese tčt li byen ba ankň, li di: -Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen?
9:9 ś Lč sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l' konsa: -Mwen renmčt Mefibochčt, pitit pitit gason mčt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l'.
9:10 Ou men, ansanm ak pitit gason ou yo ak moun k'ap sčvi avč ou yo, nou pral travay tč a pou li. W'a pote rekňt la ba li pou rčs fanmi l' ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochčt li menm ap toujou vin manje chak jou sou tab avč m'. Ziba te gen kenz pitit gason ak ven moun k'ap sčvi l'.
9:11 Ziba reponn li: -M'ap fč tou sa monwa ban m' lňd fč. Se konsa, Mefibochčt toujou manje sou tab ansanm ak David tankou si li te yonn nan pitit wa a.
9:12 Mefibochčt te gen yon pitit gason ki te piti joujou. Li te rele Mika. Tout moun ki te rete kay Ziba t'ap travay pou Mefibochčt.