2:1 ś Ou menm, pitit mwen, pran fňs kouraj nan favč nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.
2:2 Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmčt yo bay lňt moun serye ou konnen ki ka moutre lňt moun yo tou.
2:3 Tankou yon bon sňlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.
2:4 Lč yon sňlda desčvis, li pa pral chaje tčt li ak pwoblčm lavi si li vle fč chčf li plezi.
2:5 Lč yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.
2:6 Kiltivatč ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekňt la.
2:7 Fč tčt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyč a va fč ou konprann tout bagay.
2:8 ś Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmň, jan sa di nan bon nouvčl la.
2:9 Se paske m'ap anonse bon nouvčl sa a kifč m'ap soufri konsa, kifč mwen nan prizon tankou yon malfektč. Men, pawňl Bondye a pa nan chenn.
2:10 Se poutčt sa m'ap sipňte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bčl pouvwa ki la pou tout tan an.
2:11 Sa se pawňl sčten: Si nou mouri ansanm avč l', n'a viv ansanm avč l' tou.
2:12 Si nou kenbe l' fčm nan soufrans nou, n'a gouvčnen ansanm avč l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.
2:13 Si nou pa kenbe pawňl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawňl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tčt li.
2:14 ś Fč tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapňte anyen. Se pčdi y'ap pčdi moun ki koute yo.
2:15 Fč jefň pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayč ki pa wont travay li fč, yon travayč ki fč konnen pawňl verite Bondye a jan l' ye a.
2:16 Evite diskou san sans ki pa dakň ak verite lafwa a, paske moun k'ap fč diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.
2:17 Pawňl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kň yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filčt.
2:18 Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fč anpil lňt moun pčdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmň deja.
2:19 ś Men, pa pč. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawňl nou jwenn make sou li: Mčt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyč a y'ap viv, se pou yo sispann fč sa ki mal.
2:20 Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fčt an lň osinon an lajan, genyen ki fčt an bwa osinon an tč. Gen ladan yo ki sčvi pou okazyon espesyal. Gen lňt se pou sčvis ňdenč.
2:21 Si yon moun kenbe kň l' pou l' pa fč sa ki mal, y'a fč l' fč yon travay espesyal. Paske lč sa a l'ap mete tčt li apa nčt pou Mčt li, la itil Mčt la, l'ap pare pou l' fč nenpňt bagay ki byen.
2:22 ś Pa kite lanvi ki nan kč jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tčt ou ansanm ak moun ki gen kč yo nan kondisyon pou sčvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fč sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kč poze.
2:23 Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.
2:24 Yon moun k'ap sčvi Bondye pa fčt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fč enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans.
2:25 Se pou l' korije moun ki pa dakň avč l' avčk dousč. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.