28:1 ś Se lč nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt.
28:2 Moun peyi a te aji byen anpil avčk nou. Lapli t'ap tonbe, te fč frčt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.
28:3 Pňl te ranmase yon ti pakčt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lč yon sčpan soti nan chalč dife a, li vlope nan men li.
28:4 Lč moun zile yo wč sčpan an pandye nan men Pňl, yonn t'ap di lňt: Gen lč nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.
28:5 Pňl annik souke men l', epi bčt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankň.
28:6 Lňt moun yo menm t'ap tann pou yo wč Pňl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frčt. Moun yo tann, yo tann. Lč yo wč anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.
28:7 Toupre bň la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannčg nan lil la. Li resevwa nou ak kč kontan. Nou fč ladesant lakay li pandan twa jou.
28:8 Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyčb ak dyare. Pňl antre ale wč l', li lapriyč, li mete men l' sou tčt li, li geri li.
28:9 Apre sa, tout lňt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.
28:10 Yo fč nou anpil kado. Lč pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.
28:11 ś Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa.
28:12 Lč nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.
28:13 Lč nou pati, nou lonje kňt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swčt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzňl.
28:14 La, nou jwenn kčk frč ki mande pou n' pase sčt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wňm.
28:15 Frč lavil Wňm yo ki te pran nouvčl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lč Pňl wč yo, li di Bondye mčsi, li pran kouraj.
28:16 Lč nou rive Wňm, yo kite Pňl rete pou kont li ak yon sčl sňlda pou veye li.
28:17 ś Apre twa jou, Pňl fč rele chčf jwif yo ki lavil Wňm. Lč yo reyini, li di yo: Frč m' yo, san m' pa fč anyen kont pčp la, ni kont koutim zansčt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalčm, yo lage m' nan men women yo.
28:18 Lč women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fč m' merite lanmň.
28:19 Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kňz mwen. Men, mwen menm pou tčt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fč pou moun menm peyi avč m' yo.
28:20 Se poutčt sa mwen fč rele nou pou m' wč nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutčt moun pčp Izrayčl t'ap tann lan kifč yo mare m' ak chenn sa a.
28:21 Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lčt soti peyi Jide sou ou. Okenn frč pa soti laba vin isit pou ban nou nouvčl, ni pou pale mal sou ou.
28:22 Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tčt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wč gwoup ou fč pati a.
28:23 ś Yo fikse l' yon jou. Lč sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswč, Pňl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fč yo konnen gouvčnman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofčt yo, li t'ap chache fč yo rekončt ki moun Jezi ye.
28:24 Gen ladan yo ki te kwč sa l' t'ap di yo. Men, gen lňt ki pa t' vle kwč menm.
28:25 Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakň. Lč Pňl wč sa, li ajoute pawňl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansčt nou yo nan bouch pwofčt Ezayi, lč l' te di:
28:26 Ale jwenn pčp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zňrčy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wč.
28:27 Paske lespri pčp sa a vin lou, yo bouche zňrčy yo, yo fčmen je yo, pou yo pa wč ak je yo, pou yo pa tande nan zňrčy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.
28:28 Apre sa, Pňl di yo: Koulye a, nou fčt pou nou konnen Bondye fč moun lňt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.
28:29 Lč l' te fin di sa, jwif yo al fč wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lňt.
28:30 ś Pňl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wč li.