Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - ACTS 7

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    7:1 ś Granprčt la mande Etyčn: Eske se vre?

    7:2 Etyčn reponn: Frč m' yo, grandčt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bčl pouvwa a, te parčt devan Abraram, zansčt nou. Lč sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankň vin rete Karan.

    7:3 Bondye di l' konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l'. Ale nan peyi m'a moutre ou la.

    7:4 Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lč papa Abraram mouri, Bondye fč l' kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv koulye a.

    7:5 Lč sa a, Bondye pa t' bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tč. Men, Bondye te pwomčt li t'ap ba l' peyi a ki t'ap rete nčt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lč sa a Abraram pa t' gen pitit.

    7:6 Men sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo gen pou y' al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fč yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an).

    7:7 Men, Bondye di l' ankň: Se mwen menm k'ap peni nasyon ki va pran yo fč esklav la. Apre sa, y'a soti kite peyi etranje sa a, y'a vin sčvi m' isit la.

    7:8 Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sčvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fčt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakňb, pitit li a. Jakňb menm sikonsi douz pitit li yo, zansčt douz branch fanmi pčp Izrayčl la.

    7:9 Pitit Jakňb yo, zansčt nou yo, fč jalouzi pou Jozčf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avčk Jozčf.

    7:10 Li delivre l' nan tout malč li. Lč Jozčf parčt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fč l' aji yon jan ki fč wa a plezi. Farawon an mete Jozčf chčf pou l' gouvčnen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.

    7:11 Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansčt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje.

    7:12 Lč Jakňb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansčt nou yo la yon premye fwa.

    7:13 Dezyčm fwa y' ale a, Jozčf fč frč l' yo rekončt li. Se konsa farawon an vin fč konesans ak fanmi Jozčf yo.

    7:14 Jozčf voye chache Jakňb, papa l', ansanm ak tout fanmi li. Lč sa a, yo te swasannkenz moun antou.

    7:15 Jakňb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansčt nou yo.

    7:16 Yo pote kň yo Sichčm, yo antere yo la, nan twou wňch Abraram te achte nan men eritye Emň yo, lavil Sichčm.

    7:17 ś Lč a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomčs li te fč Abraram lan. Pčp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la.

    7:18 Yon lňt wa ki pa t' konnen anyen sou Jozčf te pran kňmandman peyi a.

    7:19 Wa sa a twonpe pčp nou an, li maltrete zansčt nou yo: li fňse yo kite tibebe ki fenk fčt yo deyň pou yo mouri.

    7:20 Se lč sa a Moyiz te fčt: se te yon bčl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l' pandan twa mwa lakay papa li pou ba l' tete.

    7:21 Men, lč yo te lage l' deyň a, pitit fi farawon an te ranmase l': li elve l' tankou pitit pa li.

    7:22 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l' te pale ak sa l' t'ap fč, yo te wč msye te fň anpil.

    7:23 Lč Moyiz vin gen karantan, li fč lide al vizite frč l' yo, moun pčp Izrayčl yo.

    7:24 Lč l' rive, li wč yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frč l' yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li.

    7:25 Li te kwč frč l' yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l' pou delivre yo a. Men, yo pa t' konprann sa.

    7:26 Nan denmen, Moyiz wč de nan moun pčp Izrayčl yo ki t'ap goumen. Li te vle fč yo byen ankň, li di yo: Mezanmi, se frč nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lňt konsa?

    7:27 Men, sa ki t'ap maltrete moun pčp Izrayčl parčy li a bay Moyiz yon zňp, li di l' konsa: Kilčs ki mete ou la pou ban nou lňd, osinon pou jije nou?

    7:28 Gen lč ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayč a?

    7:29 Lč Moyiz tande pawňl sa yo, li kouri kite peyi a, li al viv nan peyi Madyan. Antan l' te la, li fč de pitit gason.

    7:30 ś Karantan apre sa, yon zanj Bondye parčt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezč ki bň Mňn Sinayi a.

    7:31 Moyiz te sezi lč l' wč aparisyon sa a. Antan l' t'ap pwoche pou gade l' pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di:

    7:32 Se mwen menm ki Bondye zansčt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakňb. Moyiz pran tranble sitčlman li te pč. Li pa menm louvri je l' pou l' gade.

    7:33 Lč sa a Bondye di l' ankň: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tč ki apa pou Bondye.

    7:34 Mwen wč tray pčp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan li ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Koulye a, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip.

    7:35 Moun pčp Izrayčl yo te voye Moyiz jete lč yo te di: Kilčs ki mete ou la pou ban nou lňd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kňmande yo, pou delivre yo avčk konkou zanj ki te parčt nan ti touf bwa a.

    7:36 Se Moyiz ki fč pčp Izrayčl la soti kite peyi Lejip, avčk tout mirak ak tout bčl bagay li te fč nan peyi a bň lanmč Wouj la ak nan dezč a pandan karantan.

    7:37 Se menm Moyiz sa a ki te di pčp Izrayčl la: Bondye gen pou l' voye yon pwofčt ban nou tankou l' te voye m' lan: se va yonn nan frč nou yo.

    7:38 Se li menm ki te la ak pčp Izrayčl la lč yo te sanble nan gwo dezč a; li te la avčk zansčt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avč l' sou gwo mňn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawňl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.

    7:39 Men, zansčt nou yo pa t' vle obeyi l'; yo mete l' sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip.

    7:40 Yo di Arawon: Fč lňt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fč nou soti kite peyi Lejip la.

    7:41 Lč sa a, yo fč yon estati an fňm yon ti towo bčf, epi yo touye bčt ofri bay zidňl la. Yo te kontan pou sa yo te fč ak men yo a.

    7:42 ś Men, Bondye vire do l' ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syčl la, jan sa te ekri nan Liv pwofčt yo: Nou menm pčp Izrayčl, čske se pou mwen nou te fč ofrann bčt ak lňt sakrifis, pandan karantan nou pase nan gwo dezč a?

    7:43 Non, se pa t' pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidňl Molňk la, ansanm ak pňtre zetwal Refan, bondye nou an, bann zidňl nou te fč ak men nou pou n' adore! Se poutčt sa, m'ap voye nou jouk lňt bň Babilňn.

    7:44 Nan gwo dezč a, zansčt nou yo te gen yon tant kote yo te fčmen de wňch plat lalwa yo. Yo te fč l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fč l' la, dapre modčl li te moutre Moyiz la.

    7:45 Yo pase tant sa a bay grandčt nou yo ki te vin apre. Grandčt nou yo menm te pote l' avčk yo lč Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pčp Bondye t'ap chase met deyň devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David.

    7:46 David te jwenn favč Bondye, li te mande l' pčmisyon pou l' te fč yon kay pou Bondye Jakňb la.

    7:47 Men se Salomon ki te bati kay la pou li.

    7:48 Men, Bondye ki anwo nan syčl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofčt la di:

    7:49 Syčl la se fňtčy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tč a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kň m'?

    7:50 Eske se pa mwen ki fč tout bagay sa yo?

    7:51 ś Ala moun gen tčt di! Tankou moun lňt nasyon yo, nou fčmen kč nou, nou fčmen zňrčy nou bay Bondye, n'ap kenbe tčt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansčt nou yo.

    7:52 Kilčs nan pwofčt yo zansčt nou yo pa t' pčsekite? Yo te touye tout pwofčt ki te fč konnen davans ki jan Sčvitč Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sčvitč Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.

    7:53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankň ki pa obeyi li.

    7:54 ś Lč manm Gran Konsčy yo tande pawňl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyčn sitčlman yo te an kolč.

    7:55 Men Etyčn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlč, li gade syčl la. Li wč tout bčl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bň dwat Bondye.

    7:56 Li di: Gade, men mwen wč syčl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachč a kanpe sou bň dwat Bondye.

    7:57 Moun yo pran rele byen fň, yo bouche zňrčy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm.

    7:58 Yo trennen l' deyň lavil la. Yo touye l' ak kout wňch. Moun ki t'ap akize Etyčn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sňl.

    7:59 Pandan yo t'ap voye wňch sou Etyčn, Etyčn menm t'ap lapriyč, li t'ap di: Seyč Jezi, resevwa lespri mwen.

    7:60 Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fň: Seyč, pa mete peche sa a sou kont yo. Lč l' fin di sa, li mouri.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar