4:1 ś Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bčf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pňv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwč.
4:2 Koute sa Seyč a di: Seyč a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fč sčman sou tčt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale.
4:3 Y'a fč nou pase nan twou ki nan miray la, de pye devan, yonn apre lňt. Y'ap voye nou jete deyň. Se Seyč a menm ki di sa.
4:4 Seyč a di konsa: Nou menm, pčp Izrayčl, se sa! Moute nan tanp lavil Betčl yo, al fč peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kň nou! Chak maten, mennen bčt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou!
4:5 Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mčsi! Mache di toupatou jan nou fč ofrann ak tout kč nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fč, pčp Izrayčl! Se Seyč a menm ki di sa.
4:6 ś Se mwen menm ki te fč grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifč nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyč a menm ki di sa.
4:7 Lč jaden nou tapral pote rekňt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fč yon lňt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lňt menm ap mouri.
4:8 Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwč. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyč a menm ki di sa.
4:9 Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekňt yo. Krikčt včt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyč a menm ki di sa.
4:10 Mwen voye malč sou nou tankou malč mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagč. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyč a menm ki di sa.
4:11 Mwen detwi kčk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodňm ak moun Gomň yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyč a menm ki di sa.
4:12 Se poutčt sa, nou menm moun pčp Izrayčl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mčt pare kň nou pou n'a l' kontre ak Bondye nou an.