15:1 ķ Chak sčtan n'a annile dčt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo.
15:2 Men ki jan n'a fč l': Tout moun ki te prete yon moun pčp Izrayčl parčy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lč a rive pou yo annile tout dčt pou Seyč a, li p'ap ka egzije pou lōt la renmčt li lajan an ankō.
15:3 N'a gen dwa egzije pou moun lōt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpōt kisa yon moun pčp Izrayčl parčy nou dwe nou, n'a kite l' pou li.
15:4 Konsa, p'ap gen moun pōv nan mitan nou, paske Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
15:5 Men, se pou nou toujou obeyi Seyč a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kōmandman m'ap ban nou jōdi a.
15:6 Wi, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomčt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lōt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lōt pčp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
15:7 Si ta gen yon pōv nan mitan moun pčp Izrayčl parčy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyč a te ban nou an, pa fčmen kč nou, pa refize lonje men bay frč nou ki nan nesesite.
15:8 Okontrč, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen.
15:9 Pa kite ankenn move lide pase nan tčt nou pou nou ta di: Nou toupre setyčm lanne a, lanne pou nou annile dčt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fč move jan ak frč parčy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lč sa a, l'a rele Seyč a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tō.
15:10 Non. Se pou nou prete l' epi lč n'ap prete l', se pou ou fč l' ak tout kč ou. Konsa, poutčt sa, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fč.
15:11 Va toujou gen kčk moun nan pčp Izrayčl la k'ap nan nesesite. Se poutčt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frč parčy nou ki pōv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
15:12 ķ Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tčt li ban nou pou li sčvi nou esklav, li va sčvi nou sizan. Lč setyčm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fč wout li.
15:13 Lč n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen.
15:14 Men, n'a fč l' kado nan bčt nou yo, nan rekōt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avč l' byen Seyč a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon.
15:15 Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyč a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutčt sa mwen ban nou lōd sa a jōdi a.
15:16 Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avč l',
15:17 lč sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fč l' pwoche bō pōt devan lakay nou, n'a pčse zōrčy li. Konsa, l'a rete ap sčvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fč menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.
15:18 Piga nou janm wč sa twō rčd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sčvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fč.
15:19 ķ Tout premye pitit mal fenmčl bčf nou osinon fenmčl mouton nou va fč, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyč a. Piga nou janm fč premye ti towo fenmčl bčf nou fč a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmčl mouton nou yo fč a.
15:20 Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyč a, kote Seyč a, Bondye nou an, te chwazi a.
15:21 Men, si l'ap bwete, osinon si li pčdi yon je, oswa si li gen nenpōt lōt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyč a, Bondye nou an.
15:22 N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sčvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fč l', menm jan yo konn manje vyann gazčl ak vyann towo bčf.