22:1 ś Lč nou jwenn bčf osinon kabrit yon moun pčp Izrayčl parčy nou ki kase kňd, pa fč tankou nou pa wč. Se pou nou pran l' mennen l' tounen ba li.
22:2 Men, si mčt bčt la rete twň lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun li ye, n'a pran l', n'a mennen l' lakay nou. N'a kenbe l' lakay nou jouk mčt li va vin chache l'. Lč sa a n'a renmčt li li.
22:3 N'a fč menm jan an tou pou bourik, rad osinon nenpňt bagay yon moun pčp Izrayčl parčy nou ta rive pčdi epi se nou ki ta jwenn li. Pa fč tankou nou pa wč sa.
22:4 Lč nou wč bourik osinon bčf yon moun pčp Izrayčl parčy nou kouche nan chemen, pa fč tankou nou pa wč sa. Se pou nou ride l' fč l' kanpe ankň.
22:5 ś Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyč a, Bondye nou an, pa vle wč moun k'ap fč bagay konsa.
22:6 Si sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atč avčk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l'ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la.
22:7 N'a kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sčlman. Se konsa Bondye va fč tout zafč nou mache byen, l'a fč nou viv lontan.
22:8 Lč n'ap bati yon kay nčf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
22:9 Pa janm plante ankenn lňt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fč sa, nou p'ap ka sčvi ni avčk rezen yo ni avčk rekňt lňt grenn nou te plante yo.
22:10 Piga nou mete bčf ak bourik ansanm pou rale chari.
22:11 Piga nou janm mete sou nou rad ki fčt ak divčs kalite lenn ak twal fin blan tise ansanm.
22:12 N'a mete yon ponpon nan kat kwen rad nou mete sou nou.
22:13 ś Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avč l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankň.
22:14 Lč sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankň, paske lč m' marye avč l', lč nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi.
22:15 Enben, lč sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prčv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bň pňtay lavil la, y'a moutre chčf fanmi lavil yo li.
22:16 Epi, papa jenn ti madanm lan va di chčf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankň,
22:17 li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prčv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chčf fanmi lavil la.
22:18 Lč sa a chčf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat.
22:19 Y'a fč l' peye yon amann, y'a fč l' bay san pyčs ajan, y'a renmčt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayčl yo mal. Lčfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divňse avč l', jouk li menm li mouri.
22:20 Men, si sa mari a te di a se te vre, kifč yo pa t' kapab bay prčv madanm lan te tifi,
22:21 y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyň devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wňch jouk li mouri, paske li te fč yon wont nan peyi Izrayčl la, li te lage kň l' nan dezňd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fčt nan mitan nou.
22:22 Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fčt pou mouri, ni nčg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fčt nan mitan nou.
22:23 Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lňt nčg kontre avč l' nan yon lavil, li kouche avč l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wňch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.
22:24 Nčg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pčp Izrayčl parčy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fčt nan mitan nou.
22:25 Men, si se andeyň lwen kay moun nčg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l', li kouche avč l', se nčg la sčlman ki pou mouri.
22:26 Yo pa gen dwa fč jenn fi a anyen, paske li pa fč anyen la a pou li ta merite lanmň. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lňt epi li touye l'.
22:27 Nčg la te kontre avč l' andeyň lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t' gen pesonn pou pote l' sekou.
22:28 Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fňse l' kouche avč l', si yo bare yo,
22:29 nčg ki te kouche avčk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyčs ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fňse l' kouche avč l'. Li p'ap janm ka divňse avč l' jouk li mouri.