5:1 ś Sou twazyčm jou a, Estč mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palč a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fňtčy li anndan salon an anfas pňt pou antre a.
5:2 Lč wa a wč larenn Estč kanpe deyň a, sa te fč kč l' kontan, li lonje baton an lň ki te nan men l' lan ba li. Estč antre, li manyen pwent baton an.
5:3 Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estč? Sa ou bezwen? Ou te mčt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
5:4 Estč reponn li: -Si sa fč wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fčt m'ap fč pou li lakay mwen aswč a.
5:5 Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n' al kay Estč ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fčt Estč te fč pou li a ansanm ak Aman.
5:6 Pandan yo t'ap bwč diven, wa a mande Estč konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mčt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
5:7 Estč reponn, li di konsa: -Sa m' bezwen...? Sa m' ta mande ou...?
5:8 Si wa a kontan avč m', si se plezi li pou li ban m' sa m' vle a, pou li fč sa m'a mande l' fč a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lňt ti fčt m'ap fč pou li ansanm ak Aman. Lč sa a, m'a di monwa sa m' bezwen.
5:9 ś Jou sa a, lč Aman soti nan fčt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lč li rive bň pňtay palč a, li wč Madoche pa menm fč yon rimay leve lč l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,
5:10 men li pa kite moun wč sa, epi li al lakay li. Lčfini, li fč chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerčs pou li vini tou.
5:11 Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chčf anwo tout lňt chčf ak tout lňt moun k'ap sčvi nan gouvenman an.
5:12 Lčfini, li di: -Sa ki pi rčd, larenn Estč fč fčt pou wa a, kilčs ou kwč li envite? Mwen menm ase, pčsonn ankň! Men li envite m' pou denmen ankň!
5:13 Men, tou sa pa di m' anyen, toutotan m'a wč jwif yo rele Madoche a chita nan papňt palč wa a.