Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EXODUS 12

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    12:1 ś Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyč a di yo:

    12:2 -Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lňt mwa yo.

    12:3 Pale tout moun pčp Izrayčl la. Di yo: sou dizyčm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.

    12:4 Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tčt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesč pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.

    12:5 Se pou ti bčt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mčt mouton, li te mčt kabrit.

    12:6 N'a gade l' apa jouk sou katňzyčm jou mwa a. Jou sa a, nan aswč, tout moun Izrayčl yo va touye ti bčt la anvan li fin fč nwa.

    12:7 N'a pran ti gout nan san bčt la, n'a pase l' sou de chanbrann pňt kay la ansanm ak sou travčs lento pňt la, nan kay kote n'ap manje ti bčt la.

    12:8 Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avčk pen ki fčt san ledven epi ak fčy lanman.

    12:9 Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankč ak tout tonbe a.

    12:10 Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rčs, se pou nou boule l' nan dife.

    12:11 Men ki jan pou nou ranje kň nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lč sa a Seyč a ap pase.

    12:12 Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bčt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyč a.

    12:13 San nou pase sou pňt yo va make kay kote nou ye a. Lč m'a wč san an, m'a sote kay nou. Konsa, lč m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.

    12:14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fčt pou Seyč a, chak lč lč a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fčt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.

    12:15 Pandan sčt jou, se pou nou manje pen ki fčt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyčm jou a, si yon moun gen malč manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparčt li nan mitan pčp Izrayčl la.

    12:16 Sou premye jou a ak sou setyčm jou a, n'a reyini pou nou lapriyč. Jou sa yo, nou p'ap fč ankenn travay. Manje ase n'a fč pou tout moun manje.

    12:17 N'a toujou fete fčt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fč tout lame moun nou yo soti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fčt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan.

    12:18 Nan premye mwa a, depi katňzyčm jou a nan aswč rive jouk sou venteyenyčm jou a nan aswč tou, se pen san ledven pou nou manje.

    12:19 Pandan sčt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpňt moun ki va gen malč manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparčt li nan mitan pčp Izrayčl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou.

    12:20 Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven.

    12:21 ś Moyiz rele tout chčf fanmi pčp Izrayčl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fčt delivrans lan pou fanmi nou.

    12:22 Apre sa, n'a pran yon branch izňp, n'a tranpe l' nan kivčt ki gen san bčt la. N'a pase l' sou de chanbrann pňt la ak sou travčs lento a. Apre sa, piga pesonn soti deyň lakay yo jouk li jou.

    12:23 Konsa, lč Seyč a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wč san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pňt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.

    12:24 N'a fč tout bagay sa yo sčvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.

    12:25 Lč n'a antre nan peyi Seyč a pral ban nou an, jan l' te pwomčt la, se pou nou toujou fč seremoni sa a.

    12:26 Lč timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,

    12:27 n'a reponn yo: Se fčt Delivrans lan n'ap fete pou Seyč a, paske li te sote kay moun pčp Izrayčl yo nan peyi Lejip, lč li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fč nou anyen. Apre tout pawňl sa yo, tout moun pčp Izrayčl yo met ajenou, yo bese tčt yo atč pou adore Seyč a.

    12:28 Lčfini, yo leve, y' ale, yo fč tou sa Seyč a te bay Moyiz ak Arawon lňd fč a. Wi, yo fč tout bagay jan li te bay lňd la.

    12:29 ś Nan mitan lannwit, Seyč a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotčy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bčt yo tou te mouri.

    12:30 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chčf li yo ansanm ak tout pčp peyi Lejip la. Yon gwo rčl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmň.

    12:31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fč rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fč wout nou! Wete kň nou nan mitan pčp mwen an, nou menm ansanm ak moun pčp Izrayčl la. Ale, mwen di nou. Al fč sčvis pou Seyč a jan nou te di a.

    12:32 Nou mčt pran mouton nou ak bčf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen.

    12:33 Moun peyi Lejip yo te cho cho dčyč moun pčp Izrayčl yo pou fč yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri!

    12:34 Se konsa pčp Izrayčl la pran pa t' farin lan san yo pa t' ankň mete ledven ladan l'. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepňl yo.

    12:35 Moun pčp Izrayčl yo te fč sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lň ansanm ak rad.

    12:36 Seyč a te fč moun peyi Lejip yo gen kč sansib pou pčp Izrayčl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pčp Izrayčl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.

    12:37 ś Moun pčp Izrayčl yo pati kite Ranmsčs pou Soukňt. Te gen sisanmil (600,000) moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.

    12:38 Te gen anpil moun lňt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bčf tou.

    12:39 Avčk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fč pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyň nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fč pwovizyon.

    12:40 Moun pčp Izrayčl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la.

    12:41 Menm jou ki te fč yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyč a soti kite peyi Lejip la.

    12:42 Se te yon jou lannwit. Seyč a te pase tout nwit la ap veye pou fč yo soti kite peyi Lejip la. Se poutčt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fč veye pou Seyč a. Se bagay pou yo toujou fč de pitit an pitit.

    12:43 ś Seyč a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fčt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lňt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.

    12:44 Domestik nou achte pou sčvis lakay nou, lč nou fin sikonsi yo, yo mčt patisipe.

    12:45 Men, ni moun lňt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fčt la.

    12:46 Se pou nou manje manje Delivrans lan anndan kay. Vyann lan pa fčt pou soti deyň menm. Ni nou pa fčt pou kraze ankenn zo bčt nou touye yo.

    12:47 Se pou tout pčp Izrayčl la nčt fete fčt sa a.

    12:48 Si gen yon moun lňt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fčt Delivrans lan pou Seyč a, men sa pou nou fč: Sč pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fčt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pčp Izrayčl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fčt la.

    12:49 Lňd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lňt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.

    12:50 Tout moun pčp Izrayčl yo te swiv lňd la, yo te fč sa Seyč a te bay Moyiz ak Arawon lňd fč a.

    12:51 Se jou sa a Seyč a te fč tout lame moun Izrayčl yo soti kite peyi Lejip la.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar