Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EXODUS 18

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    18:1 ś Jetwo te pran nouvčl tou sa Bondye te fč pou Moyiz ak pčp Izrayčl la, jan li te fč yo soti kite peyi Lejip. Jetwo sa a te prčt nan peyi Madyan. Se bňpč Moyiz li te ye.

    18:2 Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Koulye a, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz

    18:3 ansanm ak Gčchon ak Elyezč, de pitit gason Moyiz yo. Lč timoun sa yo t'ap fčt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gčchon.

    18:4 Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pčsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lňt la Elyezč.

    18:5 Jetwo, bňpč Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l' yo, li vin wč Moyiz nan dezč kote l' te moute tant li a, sou mňn Bondye a.

    18:6 Jetwo voye di Moyiz: -Se mwen menm, Jetwo, bňpč ou, k'ap vin wč ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo.

    18:7 ś Moyiz soti al kontre bňpč li, li bese tčt li jouk atč devan l' pou di li bonjou, epi li bo l'. Yonn mande lňt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.

    18:8 Moyiz rakonte bňpč l' tou sa Seyč a te fč farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutčt pitit Izrayčl yo. Li di l' tout tray yo te pase nan vwayaj la ak ki jan Seyč a te delivre yo.

    18:9 Jetwo te kontan anpil lč l' tande tout bčl bagay Seyč a te fč pou pčp Izrayčl la, jan l' te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo.

    18:10 Jetwo di: -Lwanj pou Seyč a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Seyč a ki wete pčp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo!

    18:11 Koulye a mwen konnen Seyč a gen plis pouvwa pase tout lňt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pčp Izrayčl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wč yo!

    18:12 Apre sa, Jetwo, bňpč Moyiz la, ofri bčt pou yo touye pou di Bondye mčsi. Li ofri bčt pou yo boule nčt pou Seyč a. Arawon ansanm ak tout chčf fanmi pčp Izrayčl la te vin manje ak bňpč Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a.

    18:13 ś Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pčp la. Depi maten jouk aswč, moun t'ap pase devan Moyiz.

    18:14 Lč Jetwo, bňpč Moyiz la, wč kalite travay di sa a Moyiz t'ap fč pou kň l' pou pčp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fč konsa ak pčp la? Poukisa pou pčp la kanpe devan ou depi maten jouk aswč, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?

    18:15 Moyiz reponn bňpč l' konsa: -Se sa pou m' fč paske pčp la vin kote m' pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fč nan tout sikonstans.

    18:16 Lč yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fč yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fč.

    18:17 Bňpč Moyiz la di l' konsa: -Jan w'ap fč l' la pa bon.

    18:18 W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pčp la ki la avč ou. Paske chay la twňp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou.

    18:19 Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsčy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pčp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblčm yo devan Bondye.

    18:20 W'a moutre yo lňd Bondye, Seyč a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fč. W'a fč yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fč.

    18:21 Men, w'a chwazi nan mitan pčp la kčk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fňk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chčf pou dirije pčp la, chčf sou mil moun, chčf sou san moun, chčf sou senkant moun ak chčf sou dis moun.

    18:22 Moun sa yo va toujou la pou sčvi jij pou pčp la. Lč y'a gen gwo zafč, y'a pote yo devan ou. Men lňt ti zafč, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejč pou ou, paske y'a ede ou pote l'.

    18:23 Si ou fč sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fč travay ou, epitou, tout pčp la va tounen lakay li ak kč poze.

    18:24 Moyiz koute konsčy bňpč l' la vre. Li fč tou sa Jetwo te di l' fč yo.

    18:25 Moyiz chwazi nan mitan pčp Izrayčl la kčk nčg ki kapab dirije pčp la, li mete yo chčf sou mil moun, chčf sou san moun, chčf sou senkant moun ak chčf sou dis moun.

    18:26 Yo te toujou la pou rann jistis pou pčp la. Yo te pote gwo zafč yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.

    18:27 Apre sa, Moyiz kite bňpč l' la pati. Epi Jetwo tounen tounen l' nan peyi l'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar