Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EXODUS 33

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    33:1 ś Seyč a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pčp ou te fč soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sčmante bay Abraram, Izarak ak Jakňb la, lč m' te di yo m'ap ba yo tč sa a pou pitit pitit yo.

    33:2 M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyň sou tč yo a.

    33:3 Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tčt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.

    33:4 Lč pčp la tande move nouvčl sa a, yon sčl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo.

    33:5 Seyč a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayčl yo se yon bann moun ki gen tčt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sčl ti kadč, mwen ta fin estčminen yo nčt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lč sa a m'a wč, sa m' ka fč pou yo.

    33:6 Se konsa, depi sou mňn Orčb, moun Izrayčl yo pa janm pote bijou ankň sou yo.

    33:7 ś Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyň limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyč a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a.

    33:8 Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pčp la te fčt pou kanpe, chak moun devan papňt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan.

    33:9 Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papňt tant lan. Epi Seyč a pran pale ak Moyiz.

    33:10 Lč tout moun wč poto nwaj la kanpe nan papňt tant lan, yo leve, yo bese tčt yo jouk atč devan papňt kay pa yo.

    33:11 Seyč a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pčp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sčvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.

    33:12 ś Moyiz di Seyč a: -Ala ou di m' fč pčp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilčs w'ap voye avč m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.

    33:13 Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fč m' konnen lide ou gen nan tčt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fč ou plezi. Chonje tou, pčp sa a se pa ou li ye wi!

    33:14 Seyč a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avč ou. M'ap fč ou jwenn repo.

    33:15 Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avč nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la.

    33:16 Lč ou gade byen, ki jan pou mwen fč konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pčp ou a? Eske se pa lč ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekončt mwen menm ansanm ak pčp la, nou pa menm ak lňt pčp ki sou latč yo.

    33:17 Seyč a di Moyiz: -m'a fč sa ou mande m' lan, paske ou fč kč m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.

    33:18 Moyiz di l': -Tanpri, fč m' wč pouvwa ou!

    33:19 Lč sa a Seyč a reponn li: -M'ap fč ou wč jan m' gen bon kč, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fč moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye.

    33:20 Seyč a pale ankň, li di-Ou p'ap kapab wč figi m', paske ankenn moun sou latč pa kapab wč figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa.

    33:21 Li di ankň: -Men yon ti plas bň kote m'. W'a kanpe sou rňch sa a.

    33:22 Lč pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou rňch la, m'a kouvri ou avčk men mwen jouk mwen fin pase.

    33:23 Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wč ki prale, men ou p'ap wč figi m'.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar