Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EXODUS 37

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    37:1 ś Bezaleyčl te fč Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nčf pous longč, de pye twa pous lajč ak de pye twa pous wotč.

    37:2 Li kouvri l' nčt, andedan kou deyň, ak pi bon kalite lň ki genyen. Li mete yon bňdi an lň fč wonn li.

    37:3 Li fonn lň pou fč kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bň.

    37:4 Li fč de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nčt ak lň.

    37:5 Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bň bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle.

    37:6 Li fč yon kouvčti an bon lň pou bwat la. Kouvčti a te mezire twa pye nčf pous longč ak de pye twa pous lajč.

    37:7 Li pran de gwo moso lň, li bat yo ak mato, li fč pňtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvčti a,

    37:8 yonn sou bň gňch, lňt la sou bň dwat. Li fč yo tankou si yo te fč yon sčl pyčs ak kouvčti a.

    37:9 Zanj cheriben yo te gen zčl yo louvri anwo tčt yo pou kouvri kouvčti a. Yo te yonn anfas lňt, avčk tčt yo bese ap gade kouvčti a.

    37:10 ś Li fč tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longč, yon pye sis pous lajč ak de pye twa pous wotč.

    37:11 Li kouvri l' nčt ak pi bon lň ki genyen, li mete yon bňdi an lň fč wonn li.

    37:12 Li mete yon ankadreman kat pous lajč anba desi a fč wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lň.

    37:13 Li fč kat gwo bag tou won an lň. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.

    37:14 Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sčvi pou pote tab la.

    37:15 Li fč poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nčt ak lň. Se poto sa yo ki sčvi pou pote tab la.

    37:16 Li fč tout bagay ki pou ale sou tab la: asyčt, bňl, tas, gode, bagay ki pou sčvi lč y'ap fč sčvis pou Bondye. Li fč yo ak pi bon lň ki genyen.

    37:17 Li fč gwo lanp sčt branch lan ak pi bon lň ki genyen. Li pran yon sčl moso lň pou li fč lanp sčt branch lan: kň li, branch li yo, flč yo, boujon yo, ak fčy yo ki te fč yon sčl pyčs ak li.

    37:18 Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bň.

    37:19 Sou chak branch sou kote yo, te gen pňtre twa flč nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo.

    37:20 Sou branch mitan an te gen kat flč nwa kajou avčk tout boujon yo sou yo.

    37:21 Te gen yon ti boujon anba chak pč branch sou kote yo.

    37:22 Boujon yo ak branch yo te fč yon sčl pyčs ak pye lanp sčt branch lan. Se yon sčl moso lň yo bat pou fč tout.

    37:23 Li fč sčt ti lanp pou lanp sčt branch lan avčk pensčt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fč yo ak pi bon lň ki genyen.

    37:24 Li te pran swasannkenz liv bon lň pou fč lanp sčt branch lan ansanm ak tout bagay pou sčvi ak lanp sčt branch lan.

    37:25 ś Bezaleyčl fč lňtčl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fč l' kare kare: dizwit pous lajč, dizwit pous longč, trannsis pous wotč. Kat kňn yo te fč yon sčl pyčs ak lňtčl la.

    37:26 Bezaleyčl kouvri tout anwo lňtčl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kňn li yo ak pi bon kalite lň ki genyen. Apre sa, li mete yon bňdi an lň fč wonn li.

    37:27 Li fč de bag an lň, li moute yo anba bňdi a sou de kote lňtčl la. Se nan bag sa yo pou yo pase manch ki pou sčvi pou pote lňtčl la.

    37:28 Li fč manch yo an bwa zakasya epi li kouvri yo nčt ak lň.

    37:29 Bezaleyčl fč lwil ki pou sčvi pou mete moun osinon nenpňt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fč odč avčk ladrčs yo fč yo.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar