Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - EXODUS 40

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    40:1 ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

    40:2 -Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.

    40:3 W'a mete bwat ki gen rňch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.

    40:4 Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sčvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fč pote lanp sčt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li.

    40:5 W'a pran lňtčl an lň pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen rňch kontra yo, w'a moute rido ki pou fčmen kote pou moun antre nan tant lan.

    40:6 W'a pran lňtčl pou boule bčt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.

    40:7 W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lňtčl la. W'a mete dlo ladan l'.

    40:8 W'a moute galeri a fč wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fčmen kote pou moun antre sou galeri a.

    40:9 W'a pran lwil yo sčvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nčt.

    40:10 W'a voye lwil la tou sou lňtčl pou boule ofrann bčt yo, ak sou tout bagay ki sčvi avč l'. Se konsa w'a mete lňtčl la apa pou mwen, l'a pou mwen nčt ale.

    40:11 W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.

    40:12 Apre sa, w'a fč Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bň kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen.

    40:13 W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lčfini, w'a vide lwil sou tčt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sčvi m' prčt.

    40:14 W'a fč pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo.

    40:15 W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sčvi m' prčt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sčvi m' prčt, de pitit an pitit.

    40:16 ś Moyiz te fč tou sa Seyč a te ba li lňd fč. Wi, li fč tout bagay jan Seyč a te mande l' la.

    40:17 Sou premye jou premye mwa nan dezyčm lanne a, yo kanpe tant lan.

    40:18 Moyiz fč kanpe tant lan. Li mete sipň yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.

    40:19 Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyč a te ba li lňd fč a.

    40:20 Li pran rňch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvčti a anwo bwat la.

    40:21 Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyč a te ba li lňd la.

    40:22 Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bň nň tant lan, pa deyň rido a.

    40:23 Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyč a, jan Seyč a te bay Moyiz lňd fč l' la.

    40:24 Apre sa, Moyiz mete lanp sčt branch lan nan Tant Randevou a, sou bň sid tant lan anfas tab la.

    40:25 Li ranje ti lanp yo devan Seyč a, dapre lňd Seyč a te bay Moyiz.

    40:26 Li mete lňtčl an lň a nan Tant Randevou a, devan rido a.

    40:27 Li fč boule lansan santi bon sou li, jan Seyč a te bay Moyiz lňd fč a.

    40:28 Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.

    40:29 Li mete lňtčl pou boule bčt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bčt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lňtčl la ansanm ak lňt ofrann yo, jan Seyč a te ba li lňd fč a.

    40:30 Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lňtčl la, epi li mete dlo ladan l'.

    40:31 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan.

    40:32 Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bň lňtčl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyč a te bay Moyiz lňd pou yo fč a.

    40:33 Apre sa, li moute galeri a fč wonn tant lan ak lňtčl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fč travay la.

    40:34 ś Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyč prezans Seyč a plen tant lan.

    40:35 Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyč prezans Seyč a te plen tant lan.

    40:36 Pandan tout tan moun pčp Izrayčl yo t'ap vwayaje a, se sčlman lč nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.

    40:37 Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.

    40:38 Lajounen, nwaj Seyč a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pčp Izrayčl la te wč klere nan nwaj la. Se konsa sa te fčt pandan tout vwayaj la.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar