5:1 ś Lč sa a, de pwofčt, Aje ak Zakari, pitit gason Ido a, tanmen bay mesaj ki soti nan Bondye pčp Izrayčl la, pou jwif ki rete nan peyi Jida ak lavil Jerizalčm yo.
5:2 Lč Zowobabčl, pitit gason Chealtyčl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalčm. De pwofčt yo menm te kanpe la avčk moun yo, ap ankouraje yo.
5:3 ś Lč sa a, Tatenayi, gouvčnč pwovens lňt bň larivyč Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lňt anplwaye gouvčnman parčy yo, moute lavil Jerizalčm, yo mande jwif yo: -Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati tanp sa a pou nou mete lotčl ladan l'?
5:4 Apre sa, yo mande yo ankň: -Eske nou ka ban nou non tout moun k'ap travay sou chantye sa a?
5:5 Men Bondye t'ap veye chčf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chčf gouvčnman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapň bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafč sa a.
5:6 Men kopi rapň Tatenayi, gouvčnč pwovens lňt bň larivyč Lefrat la, Cheta-Boznayi ak kňlčg li yo ansanm ak tout otorite pwovens la te voye bay wa Dariyis.
5:7 Men sa yo te voye di l' nan rapň a: -Nou voye bonjou pou Wa Dariyis! Kč poze pou ou nan tou sa w'ap fč!
5:8 Se devwa nou pou nou fč wa a konnen nou te ale nan pwovens Jida a, nou jwenn y'ap rebati tanp Bondye ki gen pouvwa a, avčk gwo blňk wňch, y'ap koupe gwo poto bwa pou mete nan mi yo. Moun yo pran san yo pou yo fč bon travay, travay la ap mache byen.
5:9 Nou pale ak chčf fanmi yo, nou mande yo ki moun ki te ba yo otorizasyon bati tanp lan, ak otorizasyon mete lotčl ladan l'.
5:10 Nou te mande yo tou pou yo ban nou non yo pou n' te ka fč ou konnen ki chčf ki te alatčt moun sa yo.
5:11 Men sa yo reponn nou: Yo menm, se sčvitč Bondye ki kreye syčl la ak latč a yo ye. Y'ap rebati yon tanp yon gran wa peyi Izrayčl la te bati nan tan lontan kite pou yo.
5:12 Men, zansčt yo te fč Bondye nan syčl la fache ak yo, kifč Bondye lage yo nan men Nčbikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilňn. Wa sa a te fč detwi tanp lan, epi li fč depňte tout pčp la lavil Babilňn.
5:13 Koulye a, yo pretann di Siris, wa Babilňn lan, pa t' ankň fin gen ennan depi li t'ap gouvčnen lč li ba yo otorizasyon pou yo rebati tanp Bondye a.
5:14 Yo di ankň: Nčbikadneza te pran tout veso an lň ak an ajan ki te nan tanp Bondye a lavil Jerizalčm, li te fč pote yo lavil Babilňn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fč wete tout veso sa yo nan tanp Babilňn lan, li renmčt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chčf nan pwovens Jida a.
5:15 Wa a te di l': Pran veso sa yo, al pote yo tounen nan tanp ki lavil Jerizalčm lan, epi rebati tanp Bondye a sou menm anplasman kote l' te ye a.
5:16 Se konsa, Chechbaza sa a vini, li moute fondasyon tanp Bondye a lavil Jerizalčm. Depi lč sa a, travay la ap mache, men yo poko fini.