Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - GENESIS 22

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    22:1 ś Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wč sou ki pye li ye avč l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!

    22:2 Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sčl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tčt mňn mwen pral moutre ou la. Lč w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nčt pou mwen.

    22:3 ś Nan denmen maten, bonč bonč, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kčk moso bwa pou l' fč dife pou boule vyann bčt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.

    22:4 Sou twa jou, Abraram gade, li wč kote a yon bon ti bout devan l'.

    22:5 Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lňt bň a, pou nou fč sčvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.

    22:6 Abraram pran bwa pou fč dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm.

    22:7 Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wč ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?

    22:8 Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.

    22:9 Lč yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotčl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotčl la, anwo bwa yo.

    22:10 Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an.

    22:11 ś Men, zanj Bondye a rete nan syčl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!

    22:12 Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fč l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sčl pitit gason ou lan pou mwen.

    22:13 Abraram voye je l', li wč yon belye mouton ki te gen kňn li yo makňnen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nčt sou lotčl la pou Bondye nan plas pitit li a.

    22:14 Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyč a sa ye. Se poutčt sa, jouk jňdi a, moun ap repete: Sou mňn Seyč a, tout bagay sou kont li.

    22:15 ś Zanj Bondye a rete nan syčl la, li pale ak Abraram yon dezyčm fwa, li di l' konsa:

    22:16 -Mwen sčmante sou tčt mwen. Se mwen menm Seyč a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutčt sa ou fč a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sčl pitit gason ou genyen an.

    22:17 Mwen pwomčt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syčl la, tankou grenn sab bň lanmč. Y'a bat tout lčnmi yo.

    22:18 Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latč pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fč sa m' te mande ou fč a.

    22:19 Abraram tounen bň kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avč l' pou peyi Bčcheba, kote Abraram te rete a.

    22:20 ś Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fč pitit tout wi pou Nak, frč ou la.

    22:21 Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwčl, papa Aram,

    22:22 Kesčd, Azň, Pildach, Jidlaf ak Betwčl.

    22:23 Se Betwčl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fč pou Nakň, frč Abraram lan.

    22:24 Reouma, fanm kay Nakň a te fč pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar