Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - GENESIS 26

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    26:1 ś Te vin gen yon lňt grangou nan peyi a, pi rčd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lč sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelčk, wa moun Filisti yo.

    26:2 Izarak fč yon vizyon, li wč Seyč a parčt devan l'. Seyč a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.

    26:3 W'a pase kčk tan nan peyi sa a. M'ap avč ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tč sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sčman mwen te fč bay Abraram, papa ou.

    26:4 M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syčl la. M'ap ba yo tout tč sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latč pral jwenn benediksyon.

    26:5 tout sa, paske Abraram te tande m' lč m' te pale avč l', li te swiv tout lňd mwen yo ak tout kňmandman mwen yo. Li te fč tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.

    26:6 ś Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a.

    26:7 Lč mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sč l' li ye, paske li te pč di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bčl anpil.

    26:8 Izarak te gen kčk tan depi l' te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennčt li, li te wč Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li.

    26:9 Lč sa a, Abimelčk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchč, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sč ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwč yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye.

    26:10 Abimelčk di l': -Kisa ou fč nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avčk madanm ou! Se ou ki ta lakňz nou fč peche sa a.

    26:11 Se konsa Abimelčk pase lňd sa a bay tout pčp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.

    26:12 ś Izarak fč jaden nan peyi a. Lč lanne a bout, li rekňlte san fwa valč sa l' te plante a, paske Seyč a te beni l'.

    26:13 Msye te vin rich. Li t'ap fč lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.

    26:14 Li te gen kantite kabrit, mouton ak bčf, ak anpil moun ki t'ap sčvi l'. Sa te fč moun Filisti yo rayi sň li.

    26:15 Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tč.

    26:16 Lčfini, Abimelčk di Izarak: -Pati, al fč wout ou! Ou pi grannčg pase nou.

    26:17 Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete.

    26:18 Li fč refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmň Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a.

    26:19 Domestik Izarak yo te fouye ankň nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe.

    26:20 Men, gadň mouton peyi Gera yo leve yon sčl kont avčk gadň mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.

    26:21 Domestik Izarak yo fouye yon lňt pi ki te lakňz yo chache yo kont ankň. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fč lčnmi.

    26:22 Lč l' wč sa, li wete kň l' kote l' te ye a, li fouye yon lňt pi pou sa pa t' fč kont. Se poutčt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyč a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atň zafč nou pral mache nan peyi a.

    26:23 Izarak pati, li moute Bčcheba.

    26:24 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyč a parčt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pč anyen, paske mwen la avčk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutčt Abraram, sčvitč m' lan.

    26:25 Izarak bati yon lotčl la, li fč sčvis pou Seyč a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lňt pi.

    26:26 ś Abimelčk soti Gera, li vin wč Izarak. Li te gen avč l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikňl, kňmandan lame li a.

    26:27 Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wč m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyň nan peyi nou an!

    26:28 Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyč a avčk ou. Se poutčt sa nou di n'ap fč yon kontra avč ou, n'ap sčmante yonn bay lňt.

    26:29 W'ap sčmante ou p'ap janm fč nou anyen, menm jan nou pa t' janm fč ou anyen. W'ap sčmante nou te toujou aji byen avč ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou.

    26:30 Izarak fč gwo fčt pou yo. Yo manje, yo bwč.

    26:31 Nan granmaten, yo leve, yo sčmante yonn bay lňt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fč wout yo.

    26:32 Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvčl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.

    26:33 Izarak rele pi a Chibeya. Se poutčt sa, jouk jňdi a, yo rele lavil la Bčcheba.

    26:34 ś Ezaou te gen karantan lč l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lňt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou.

    26:35 Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar